CHERYMédia

CHERYMédia Une page indépendante et intègre

09/18/2026

Dominique Dupuy pour une nouvelle Haïti: NON NON, SE PA POSIB! PEYI A POKO PARE POU YON KANTIDA KONSA.

Nan moman peyi a ap antre nan yon nouvo s*k elektoral, non Dominique Dupuy ap s*kile kòm yon posib chwa politik. Men kesyon ki merite poze a senp: sou ki baz konkrè elektè a ta dwe evalye evantyèl kandidati li?

Dominique Dupuy te pase kèk mwa kòm minis Afè Etranjè an 2024, kote li te mete devan plizyè pwojè refòm ak mezi administratif. Men yon eksperyans ministè, sitou lè li kout, pa nesesèman bay yon repons sou kapasite yon moun pou dirije yon depatman kòm senatè, reprezante yon s*konskripsyon kòm depite, oswa menm aspire dirije peyi a.

Se la kesyon politik la vin enteresan: ki rezilta konkrè Dominique Dupuy ta pote nan lavi elektè a, ki vizyon li genyen pou Nò a, epi ki pwojè li ta kapab defann ak mezire devan popilasyon an?

Poze kesyon sa yo pa vle di derèspèkte Dupuy ni moun ki apresye li. Okontrè, se mande pou nenpòt moun k ap mande vòt popilasyon an prezante plis pase repitasyon, diplomasi ak bèl diskou: li dwe prezante yon bilan, yon vizyon ak rezilta moun ka verifye.

Nan yon peyi oprime tankou Ayiti, kote elektè yo deja peye chè pou eksperyans politik ki pa t bay rezilta yo te espere, yon kandidati pa ta dwe mande konfyans davans; li ta dwe merite konfyans atravè travay, bilan ak pwopozisyon klè! Wè Dupuy kòm nouvo souf pou Ayiti, se kontinye antere peyi a plis nan twou li ye la.

CG Média ✍️

08/24/2026

Jean Williamson Fenelon deklare li kandida pou depite Okap.

08/22/2026

Bagay yo melanje pirèd nan men Alix Didier Fils-Aimé nan dosye mache ki te boule nan vil Okap lan.

08/22/2026

Dosye mache Cluny ki te boule sou majistra Angie Bell nan Okap la, kontinye ap fè pale anpil nan vil la.

Cazeau Claudin Doupy se non yon polisye chèf gang Jeff Canaan kenbe nan fè masisi! Polisye a fè konnen se nan yon gwoup ...
08/22/2026

Cazeau Claudin Doupy se non yon polisye chèf gang Jeff Canaan kenbe nan fè masisi! Polisye a fè konnen se nan yon gwoup li menm ak lòt masisi a rankontre epi yo planifye moman an. Bagay sa etone anpil anpil moun nan peyi a. Chèf gang mande polisye a, poukisa lè yo konnen yon jèn fi kouche ak yon bandi yo arete l? Ebyen sa te fini trè mal.

08/21/2026

Dominique Dupuy k ap fè koze nan vil Okap! Bagay la sanble ka bèl nan men fanatik li yo wi.

Ann Abòne ak paj la, please!

Address

4204 Inverrary Boulevard Apt77B Lauderhuill
Florida City, FL
33319

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when CHERYMédia posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to CHERYMédia:

Shortcuts

Share