Auditt Nou se 2 zye'w avèk 2 zòrèy ou, ENFÒMASYON nou difize se Enfòmasyon ki konfime, ou mèt fè'n konfyans.

01/04/2026

https://chat.whatsapp.com/GOFSR3vXlXyJr4k0PGRVbz
Bonjour à tous !
Comme vous le savez déjà, je m’appelle Jean-Osée Joseph, votre ami.
J’ai créé ce groupe dans le but d’apprendre et de pratiquer ensemble la langue française, dans un esprit de respect et de partage.
Aucune timidité ici !
Chacun est libre de s’exprimer, de poser des questions et de faire des erreurs, c’est ainsi qu’on apprend.
Vous avez également le droit d’inviter d’autres personnes à rejoindre le groupe.
Merci à tous et bienvenue !
https://chat.whatsapp.com/GOFSR3vXlXyJr4k0PGRVbz

12/31/2025
12/31/2025

Chak jou pote pen li.

12/27/2025

Donald Trump apèn souke mond lan, Deblozay nan Pòdpè, madanm polisye yo pale...vin tande koze.

12/26/2025

Tout dènye nouvèl sou peyi Dayiti.

12/24/2025

Nouvèl sa fenk tonbe, Dosye Carel Pedre la pran yon lòt dimensyon, vin tande koze mezanmi.

Haïti | Malgre tout sa k ap di, konsyans mwen pa pèmèt mwen rete an silans. Nou pa ka aksepte yon sitiyasyon kote Pastè ...
12/22/2025

Haïti | Malgre tout sa k ap di, konsyans mwen pa pèmèt mwen rete an silans. Nou pa ka aksepte yon sitiyasyon kote Pastè Moïse ap prepare pou pase fèt Nwèl la dèyè bawo, san lajistis pa janm prononse l klè sou dosye li.
Lajistis pa dwe ni zam politik, ni zouti revanj. Li dwe pale, e li dwe pale vit. Yon sitwayen pa ka rete prizonye san jijman pandan mwa ap pase, pandan fanmi ap soufri, pandan sosyete a ap poze kesyon.
Kisa n ap fè avèk li toujou ?
Si li koupab, di sa ak prèv.
Si li inosan, libere l san pèdi tan.
Silans lan vin tounen yon enjistis anplis.
Lè lajistis pran twòp tan, se plis dout li pote.

✍🏽 Jean-Osée Joseph
̈ti

Ayisyen / diaspora.Lapolis Tamarac ta arete animatè vedèt( Carel the morning avèk de tout e de rien) an, Carel Pedre.Sel...
12/21/2025

Ayisyen / diaspora.

Lapolis Tamarac ta arete animatè vedèt( Carel the morning avèk de tout e de rien) an, Carel Pedre.

Selon tout enfòmasyon nou rive kolekte, se ta pou vyolans domestik jounalis ayisyen an ta jwenn arestasyon l.
Pou koulye a poko gen anyen ki di, Carel Pedre nan detansyon ap tann kisa lajistis pral di.
Pa bliye abòne pou w toujou jwenn update yo.

✍️ Jean-Osée Joseph

Ayiti / Fòs Sipresyon Gang Peyi Almay fè konnen li gen 35 milyon dola ki disponib pou fòs Sipresyon Gang lan ki gen pou ...
12/20/2025

Ayiti / Fòs Sipresyon Gang

Peyi Almay fè konnen li gen 35 milyon dola ki disponib pou fòs Sipresyon Gang lan ki gen pou antre nan peyi Dayiti nan kòmansman ane 2026 la, nan sousi pou kwape atoufè ki pa vle pèp la vakye ak Aktivite l yo.

Ayiti / Ensekirite7500 sòlda, se kantite pwomès angajman Etazini resevwa kòm moun ki vle ede peyi Dayiti sòti nan enseki...
12/20/2025

Ayiti / Ensekirite

7500 sòlda, se kantite pwomès angajman Etazini resevwa kòm moun ki vle ede peyi Dayiti sòti nan ensekirite a, alòske yo te prevwa 5500 ofisye pou fòmasyon Fòs Sipresyon Gang ( GSF ) lan, fòs sa gen pou l ranplase Fòs Miltinasyonal la nan peyi Dayiti.
Se Sekretè deta Ameriken an( Marco Rubio ) ki fè deklarasyon sila vandredi 19 desanm 2025 lan.

N ap raple w ! Gen 18 peyi ki deja di yo pare pou sipòte fòs sila k ap gen pou kòmanse deplaye nan peyi Dayiti nan kòmansman ane 2026 la.

Nan yon peyi bandi se sèl kòk chante, leta avèk yo se 21 ak 31, ti gason ap pèdi tèritwa ap pèdi.
Kesyon anpil moun ap poze :
1) Èske ap gen rezilta vre ?
2) Èske se pa gwo van ti lapli ?
3) Èske se pa tande bri bèf alewè kòn.

✍️ Jean-Osée Joseph

12/20/2025

Sorry pou ti tan nou pat prezan an, nou tounen.

Men pawòl la.
12/15/2025

Men pawòl la.

Address

Fort Lauderdale, FL
754

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Auditt posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Auditt:

Share