09/25/2025
Dajabón: Otorite yo entèdi motosiklèt twa wou ayisyen sou teritwa a
24/06/2025
Ouanaminthe info plus
Dajabón, Repiblik Dominikèn – Apati lendi kap vini an, motosiklèt twa wou ki sòti Ayiti pap gen dwa sikile sou teritwa minisipalite Dajabón, dapre yon kominike Fondasyon Santiago Riverón pibliye sou rezo sosyal yo, e ke jounal OIP resevwa.
Otorite yo presize ke motosiklèt sa yo ap sèlman gen dwa deplase nan zòn ki toupre mache fwontyè a, kote gwo pati nan echanj komèsyal ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn fèt.
Dapre enfòmasyon yo, mezi a pral gen sipò plizyè enstitisyon sekirite tankou Sèvis Imigrasyon, Lame dominiken, Polis Nasyonal ak Polis Minisipal.
Sitwayen oswa komèsan ki pa respekte entèdiksyon an ap sibi sanksyon sevè. Dapre kominike a, motosiklèt yo ap sezi epi responsab yo ap oblije peye yon amann ki ka ale soti 5,000 rive 10,000 pesos dominiken.
Santiago Riverón fè konnen ke inisyativ la vize mete plis lòd ak sekirite nan sikilasyon nan Dajabón, sitou nan moman mache fwontyè yo ki toujou atire yon gwo kantite moun ak machandiz.
Nan kominote a, gen atant ke mezi a ka gen enpak dirèk sou komèsan ak transpòtè ayisyen ki sèvi ak motosiklèt twa wou pou pote pwodwi nan mache a. An menm tan, gen lòt sektè nan popilasyon lokal la ki wè desizyon an kòm yon mezi nesesè pou mete plis disiplin nan transpò piblik ak aktivite ekonomik zòn nan.
Pou kounye a, otorite yo ap konte sou kolaborasyon sitwayen yo ak komèsan yo pou aplikasyon mezi sa a ki vize, dapre yo, amelyore lòd nan minisipalite Dajabón.
OIP