01/12/2026
La formation musicale Kazi Mizik s'offre un moment de réflexion et de reconnaissance pour lancer l’année 2026
Nan lide pou ranfòse kowesyon ekip la epi defini nouvo oryantasyon estratejik pou ane 2026 la, manadjè Frantz-Roosvelt Romondt òganize yon rankont dimanch 11 janvye 2026 la. Aktivite sa a, ki te fèt nan kad VIP Cascade Resto nan tèt kole ak , te sèvi ak moman sa pou reflechi sou mizik la epi pou selebre ane 2025 ki te mande yo anpil efò ak disiplin.
Pandan seremoni sa a, manadjè Frantz-Roosvelt Romondt te pran tan pou li onore chak mizisyen pèsonèlman. Li remèt yo chak yon sètifika Onè ak Merit kòm yon rekonesans pou sakrifis ak devouman yo te demontre pandan tout ane ki sot pase a. Se te yon moman fò kote lidèchip gwoup la te mete an valè travay di ak detèminasyon chak grenn moun ki kontribye nan siksè kolektif ekip la san okenn distenksyon.
Anplis pati seremonyal la, rankont la te pèmèt yon "briefing" sou operasyon Kazi Mizik yo. Manadjè a te pase an revu pwen pozitif yo pou ane 2025 lan pandan li t ap analize ak transparans pwen negatif yo ki bezwen korije pou pi bon rezilta. Echanj sa a te vize kreye yon baz solid pou ane 2026 la, ak espwa pou gen yon ogmantasyon nan nivo pwodiksyon mizikal ak tout lòt pwojè pozitif k ap vini yo.
Foto yo temwanye yon bèl jounen ki te dewoule nan yon anbyans fratènèl kote pataj te nan sant diskisyon yo. Nan non Kazi Mizik, manadjè Frantz te ensiste sou enpòtans inite ak respè mityèl pandan tout ekip la t ap louvri chanpay, bwè epi manje ansanm nan lanmou. Se anba lantiy fotograf Max Azor, ki reprezante LAKAY Média, evènman sa a te imòtalize, sa ki anonse yon ane 2026 ki chaje ak pwomès ak pwodiktivite, aprè K-Zi Mizik premye toune entènasyonal yo nan zile Bayamas yo.