01/13/2026
Eliminatwa Mondyal U-17 : Ayiti - Kovsky Saint-Vil jwenn nominasyon kòm seleksyonè
Federasyon Foutbòl Ayiti a nonmen Kovsky Saint-Vil kòm seleksyonè ekip nasyonal U-17 gason an nan kad eliminatwa Koup di Mond FIFA U-17, Katar 2026 la.
Li pral gen responsabilite pou dirije jèn Grenadye yo nan gwoup C, kote Ayiti ap konfwonte Gwatemala, Grenad ak Antigwa & Barbuda.
Match yo ap dewoule nan peyi Gwatemala. Si Ayiti fini an tèt gwoup la, li pral kalifye pou faz final Koup di Mond U-17 la k ap fèt nan fen ane a. Ekip la deja lanse preparasyon li nan Pòtoprens, anba direksyon nouvo estaf teknik la.
FHF Kominikasyon, 12 janvye 2026