Darlain's Radio

Darlain's Radio Plus loin que le son et l'image

08/03/2026

ou konn ki kote sa?

08/02/2026

Bonjour tout le monde.
Bon Dimanche et Bonne Semaine

Dosye ki enplike pwofèt Markinson Dorilas la kontinye pran yon lòt dimansyon chak jou. Malgre deklarasyon avoka li yo fè...
07/21/2026

Dosye ki enplike pwofèt Markinson Dorilas la kontinye pran yon lòt dimansyon chak jou. Malgre deklarasyon avoka li yo fè jodi a, pwofèt la li menm te pran lapawòl pandan li te anba kontwòl DCPJ pou bay pwòp pwendvi li sou sitiyasyon an.

Li fè konnen, dapre jan li wè dosye a, li pa kwè li pral jwenn liberasyon li touswit. Li menm rive deklare ke, menm si sa ta pran senk (5) lane, li gen entansyon reprann tout aktivite li yo. Li fè konnen tou eta sante li pa bon e, selon li, doktè yo te rekòmande pou yo mennen li lopital ann ijans, men sa pa t fèt. Anplis, li voye yon mesaj bay manman li pou mande l rete konfyan, pandan li deklare yo pa mete okenn akizasyon sou dol kont li.

Daprè plizyè sous medyatik, ankèt DCPJ ap mennen an ta revele plizyè eleman apre fouy ki fèt nan telefòn li, pami yo kesyon sou kèk tranzaksyon finansye ak yon kantite lajan li gen sou kont li ki paka jistifye.Konsènan foto ak videyo pèsonèl fi ki toutouni ki ta jwenn nan aparèy la, yo prezante sa kòm eleman ki gen rapò ak lavi prive li.

Pandan li t ap kite Pakè a jodi a, pwofèt Markinson Dorilas te fè yon deklarasyon ki atire anpil reyaksyon lè li di: « Pa gen soti pou mwen isit. »

Ankèt la ap kontinye, epi otorite jidisyè ak DCPJ poko fè okenn deklarasyon ofisyèl sou tout eleman ki mansyone nan dosye a. Jiskaprezan, okenn desizyon final pa pran sou ka a, e prensip prezompsyon inosans lan rete aplikab jiskaske lajistis deside otreman.

05/22/2026

Manje pa ta dwe luxe pou yon popilasyon.

05/22/2026

Gen leson pa kite lavi a anseye w li 2 fwa.

05/20/2026

Koman yon jeune ka fè kob an ayiti?

05/20/2026

Salaire Minimum yon anplwaye pa jou an Ayiti se mil goud, kisa mil goud kq realize pa jou???

05/16/2026

Moun ou frekante nan lavi a, se Moun sa ke w ye tou.

05/16/2026

Aprann valorize antouraj ou.

18 me se yon dat ki gen anpil valè pou pèp ayisyen an. Se jou nou selebre Création du drapeau haïtien, yon senbòl inite,...
05/16/2026

18 me se yon dat ki gen anpil valè pou pèp ayisyen an. Se jou nou selebre Création du drapeau haïtien, yon senbòl inite, fyète ak libète. Jou sa a raple nou sakrifis zansèt yo ki te mete tèt yo ansanm pou kraze chenn esklavaj epi bati yon nasyon lib. Se yon moman kote nou mete diferans nou sou kote pou n onore koulè ble ak wouj la, pandan n sonje deviz nou: “L’union fait la force”. 18 me envite chak Ayisyen reflechi sou responsablite li genyen pou kontinye bati yon peyi ki solid, ini, ak pwospè pou jenerasyon k ap vini yo.

Address

Hartford, CT
06105

Telephone

+50931907801

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Darlain's Radio posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share

Category