11/03/2023
Souflèt Diplomatik pou Ayiti
Otè : DV/JEWOPOLIS
Sa k vle konprann a konprann. Ayiti pa envite nan Somè Biden ap òganize jodi a Washington sou Pwosperite nan Kontinan ameriken an. Abinader envite. Li gen tan rankontre Biden yè jedi a. Diplomasi tyoul Etazini Ayiti ap suiv la pa rapòte l anyen. Sa pa t toujou konsa. An n fè liswta pale.
An 2018 , Pouvwa Tèt Kale a vote pou mete Venezuela deyò nan OEA apre yo fin gagote lajan Ayiti Venezuela te prete nou nan pwogram Petrocaribe a. Ayiti pa jwenn anyen pou vòt iresponsab sa pou fè Etazini plezi.
Pandan menm ane 2018 la, Sendomeng ki te vote tou pou mete Venezuela deyò nan OEA, te jwenn fe vè Washington pou l koupe fache ak Taiwan epi tabli relasyon diplomatik nan nivo anbasadè ak Lachin. Menm ane a Sendomeng te jwenn vòt Etazini pou l syeje kòm youn nan 10 manm non pèmanan Konsèy Sekirite Loni. Se te yon dil. Pandan Etazini kite Sendomeng ap fè tout mannèv diplomatik sa yo san anmède peyi sa, prezidan Jovenel te resevwa tout kalite chantaj ameriken pou l pa t koupe relasyon ak Taiwan e pou l pa genyen relasyon diplomatik ak Lachin nonplis. Dinamik global la nan rejyon an se mete Taiwan sou kote pou tabli relasyon diplomatik fòmèl ak Lachin kontinantal. Jovenel te fini pa tabli relasyon ak Larisi. Tonton Sam te move kou kong. Listwa va di pli sou koneksyon Jovenel, Tiki ak Larisi a.
N ap raple an 1962, lè Ayiti te vote sou Duvalier pou mete Cuba deyò nan OEA pandan Somè òganizasyon rejyonal ki te fèt Punta Del Este ( Uruguay), Duvalier se tankou vann li te vann Etazini vòt sa pou 2 milyon dola ameriken apre anpil negosyasyon sere minis Afè Etranjè Duvalier a, René Chalmers ak Sekretè Deta Ameriken an Dean Rusk.
Alepòk, Duvalier te sou anbago ameriken Kennedy te mete sou rejim diktati li a. Se menm peryòd sa tou Kennedy te lanse pwogram " Alliance Pour le Progrès " pou finanse pwojè devlopman nan Amerik Latin lan ak nan Karayib lan. Se te yon pwogram 10 miya dola ki te gen objektif atire peyi nan kontinan ameriken an nan jiron Tonton Sam ak kwape enfliyans Inyon Sovyetik nan rejyon an. Se menm jan Somè Pwosperite Biden ap òganize a se pou bese fe enfliyans Lachin nan rejyon Amerik Latin lan.
Ayiti pa t nan pwogram Alyans pou Pwogrè Kennedy a. Se te akoz rejim Duvalier a te pran chimen diktati kanson fè ak kraze zo. Apre vòt Punta Del Este a, Kennedy ta pral rekòmanse ak èd devlopman yo an favè Ayiti. Duvalier pa t vote gratis pou bèl figi Tonton Sam .
Duvalier ta pral sèvi ak 2 milyon dola ameriken Etazini ta pral ba li pou vòt kont Cuba a nan kad konstriksyon Ayewopò Entènasyonal Pòtoprens lan ki ta pral pote non l. Lajan pèp ayisyen an te patisipe tou nan konstriksyon Ayewopò sa ki pote non Toussaint Louverture jodi a.
Depi peryòd Etazini te okipe tout zile Ayiti a ( Ayiti 1915-1934, Sendomeng 1916-1923 ), Washington te toujou gen politik ki favorize Sendomeng anpil kontrèman ak Ayiti. Modènizasyon aparèy Leta a, enfrastrikti ak endistri nan Sendomeng kòmanse ak okipasyon ameriken an. Yo te akonpaye Dominiken yo nan ranfòse kapasite aparèy Leta a. Yo te fè sa Ayiti tou, men nan yon fason pi kavalye e nan yon nivo pi fèb. Se pa san rezon Dominiken yo pa gen menm memwa twomatis de okipasyon ameriken an ak pèp ayisyen an. Faktè ras la jwe anpil nan politik etranjè ameriken. Fòk nou pa bliye tou avan okipasyon ameriken an, Ayiti te yon peyi nwa endepandan depi plis ke yon syèk. Nan peryòd okipasyon an, nwa te toujou pa t konsidere kòm moun ki gen dwa tankou tout lòt moun nan sosyete amerikèn lan.
Ayiti ki pa envite nan Somè Biden lan pandan Sendomeng ap prezan, se yon lot souflèt diplomatik pou Ayiti nan rejyon an. Men sa pa dwe etone nou. Tandans natirèl la nan rejyon an depi 1804 se izole Ayiti. Kidonk Ayiti dwe toujou ap goumen pou plas li. N ap toujou konfòte vwazen yo nan rejyon an nan prejije yo ak nan tandans istorik yo pou izole Ayiti, si pwòp Ayisyen ap mennen politik pou detui Ayiti ak izole peyi a davantaj.
Kijan ou ka envite Ayiti nan diskite sou Pwosperite sou kontinan ameriken an pandan peyi sa angaje tèt li depi plis ke yon deseni nan yon s*k vyolans sosyal sevè, enstabilite politik ak degrengolad ekonomik ki pa montre li ap gen fen demen ? Kijan pou Ayiti envite nan deba sou Pwosperite pandan nou se inik peyi nan rejyon an ki sou titèl entènasyonal yon sèten Kò Gwoup ? Ki lòt peyi nan rejyon an nou tande ki pase 10 fòs entènasyonal sou teritwa l swadizan pou vin mete lòd nan dènye 30 lane yo ? Fwa sa se an Afrik Blan yo ak chache konkou militè pou vin mete lòd an AYiti. Ki peyi nan rejyon an nou tande gang divize kapital li an fyèf ak kas*ka ? Ki peyi nan rejyon an nou konnen ke Leta efondre ladan l kote menm yon katye Leta pa ka bay sekirite ?
Nan nivo jewopolitik ak jewoekonomik, defi ak kontrent yo anpil pou Ayiti. Anviwonman entènasyonal ak rejyonal la te toujou ostil pou AYITI lè w ap gade listwa. Men fondman kontrent ak defi sa yo se dabò Ayisyen. Sa vle di pwoblèm Ayiti deyò tou, men li an Ayiti an premye. Kidonk solisyon yo se dabò Ayisyen ki dwe jwenn yo. Se Ayisyen ki dwe sispann detui pwòp peyi yo pandan tout lòt peyi vwazen Ayiti yo ap diskite ant yo pwosperite pou pwòp tèt yo ak tout rejyon an.
DV/JEWOPOLIS
3 Novanm 2023