09/14/2026
Nou leve vwa nou avèk anpil enkyetid pou konteste arestasyon jounalis Yves-Adson Fenelon CEO Bombard plus infos
Nan yon sosyete demokratik, jounalis yo dwe kapab fè travay yo lib, san entimidasyon, menas oswa represyon
Lè yon jounalis arete nan kad egzèsis fonksyon li, sa soulve gwo kesyon sou respè libète laprès ak dwa fondamantal sitwayen yo.
Nou mande otorite ki konsène yo pou yo bay limyè sou rezon arestasyon sa a, respekte tout garanti legal jounalis la, epi asire dwa li genyen devan lalwa.
NB: Nou pa mande privilèj pou pèsonn, nou mande JISTIS, TRANSPARANS ak RESPÈ POU LIBÈTE LAPRES.
Yon jounalis pa dwe pè fè travay li.
Yon sosyete san libète laprès se yon sosyete ki pèdi youn nan pi gwo zouti li genyen pou chèche laverite.