09/16/2026
Polis Nasyonal Dominikèn idantifye viktim nan kòm Andy Louissaint, 47 an, yon sitwayen ameriken ki gen orijin ayisyen. Yo te jwenn kadav li andedan yon estrikti an beton, anba yon eskalye, nan biznis Martínez Fashion e Import, nan sektè Buenos Aires de Herrera. Kadav la te prèske sele nèt ak beton ak adezif.
👮🏽♂️ De moun arete nan kad ankèt la:
* José Antonio Martínez Joseph, 41 an 🇭🇹
* Juan Gabriel Marte Ramírez, 26 an 🇩🇴
Tou de te arete sou manda, dapre pòtpawòl Polis Nasyonal la, Diego Pesqueira.
Louissaint te kite apatman kote li t ap rete a jedi 10 septanm pou l al rankontre yon moun ki gen non fanmi Martínez. Lè li pa t retounen, moun ki t ap lojman li te kontakte moun li te sipoze al rankontre a. Apre sa, ankèt la te kòmanse. Yo te rapòte Louissaint disparèt samdi.
Dapre premye enfòmasyon ankèt la, otorite yo kwè Louissaint ta ka te mouri nan Distrito Nacional, menm si yo jwenn kò li nan Herrera. Se poutèt sa dosye a te pase bay Homicidios nan Distrito Nacional.
Polis la te sezi 3 machin epi li di gen lòt prèv ki toujou ap analize.
Motif lanmò a poko etabli. Polis la di moun yo arete yo bay kèk vèsyon, men ankètè yo ak Ministè Piblik la dwe verifye deklarasyon sa yo avèk prèv.
Gen vèsyon ki fè konnen yon kesyon lajan oswa yon swadizan dèt ta ka gen rapò ak lanmò a, men otorite dominiken yo poko konfime motif ekonomik sa a ofisyèlman.