02/17/2022
CNN AK NYT dakò epi montre a klè yo te fè erè, Poukisa yo pa menm fè w nòt eskiz oubyen itilize elegans yo?
Nan plizyè atik laprès ameriken t ap soti, ki gen gen anpil salad, anpil tèz mal bati, kote pesonn moun ki sanse pat pran o serye, ebyen apre lajistis nan menm peyi Etazini an fin met bouch nan dosye a, yo kòmanse enkilpe kek moun, tout ayisyen wè aklè, tout fay ki te genyen nan atik yo vre.
Depi arestasyon Handal, Rudolf Jaar, Mario Palacios, akJhon Joël Joseph, ankèt la pran w lòt direksyon, paske tout moun ki te sispèk yo, kòmanse anba kòd. Espekilasyon an fini, moun ki te kòmanse itilize tout ti detay yo pou fè politik yo koumanse gen lakrent, pou pa di yo frennen sèk.
Klas politik la, jwen sipò finansye ekonomik nan men oligak kowonpi yo ak konplisite yon pati nan entènasyonal la, epi yo manje sitwayen an (Jovenel Moïse)
Si peyi Etazini anvi mare kèk dwòg dilè, li konnen yo, se pa Jovenel ki ta pral aprann li non yo, men vrè rezon asasina, tout pitit peyi a konnen l; depi enterè ekonomik klas oligak la menase, y ap manje w, oubyen egzile w tankou Titid.
Ebyen; Oligak yo manje Jovenel Moïse !