
09/23/2025
Slt DG! Mw gen yon bagay ki rivem mw bezwen yon ti konsèy svp
Dimanch lan mw ale nan anivèsè yon zanmim, lèm rive anpil zye te brake sou mw gen yon gran frè zanmim lan lè li wèm li pa gen kote poul mete kò li, misye apwochem poul dim kijan mw atirel mw te kontan tande mo flatri sa yo epi nap bwè nap bay blag mizik ap jwe li mandem danse mw pat vrèman sou sa paskem se yon moun ki timid, zanmim lan dim pa enkyetem rilaks mw, epi nan danse an li kòmanse dim kèk bagay ke zòrèy mw te anvi tande pandan kèk mwa paskem selibatè depi 8 mwa epi feeling monte nou vin deside ale pi lwen, onètman se pa kleren mw tap bwè an mw te vle sa epi mesye ki te anfas mw an se yon bon flannè santi bon, malerezman mw kouche avèk li menm sware sa a men yè lendi maten map mandem kisam fè la e mw santim renmen misye, sam vle konnen eskem ka mandel si li gen menaj e si li ta dim wi kisak pral pase? Mw santim pèdi nan pansem mw santim wont tèt mw, mw bezwen yon konsèy tanpri