09/12/2025
Pòtoprens, 12 septanm 2025 — Rimè k ap sikile sou posib ranplasman nouvo komisè gouvènman a.i nan Pòtoprens, Me Roosevelt Cadet, deklanche gwo kòlè nan mitan avoka pwotestatè yo. Gwoup sa yo, ki te deja mennen yon batay kont ansyen komisè gouvènman an, Me Frantz Monclair, pou koripsyon ak move jesyon, anonse yo pare pou reprann mouvman pwotestasyon yo nan pakè a si rimè sa ta konfime.
Avoka yo fè konnen Me Cadet reponn ak tout kritè yo te fikse pou yon komisè ranplase Monclair: onètete, konpetans, epi respè pou prensip fonksyònman lajistis. Dapre yo, pakè Pòtoprens la kòmanse reprann konfyans e li ap travay nan bon direksyon. “Pa gen lòt komisè ki ka prete sèman nan moman an, paske sa k an plas la deja ap travay nan enterè pèp la,” youn nan avoka pwotestatè yo deklare.
An menm tan, yo lanse akizasyon grav kont ansyen komisè Monclair, ke yo akize kòm moun ki kenbe nan men li zam pakè a, machin sèvis yo, fon asiz yo ansanm ak lòt byen leta. Yo sible plizyè pèsonalite politik ak gouvènmantal tankou Kenold Janvier, Moïse Jean-Charles, Betty Lamy, Édouard Bossan, minis Jistis la Patrick Pélissier, ak kèk manm Konsèy Prezidansyèl la kòm moun ki ta dèyè maniganse pou retire Cadet, paske li refize lage patizan yo ki arete pou dosye dwòg ak lòt krim grav.
Avoka pwotestatè yo anonse yon konferans pou laprès nan jou k ap vini yo pou mete pozisyon yo klè sou dosye a. Yo raple tou nesesite pou “pitit pèp ki ap mouri nan prizon” jwenn aksè ak jistis, epi yo avèti: “Kou sa pap pase. Nou pral kontinye goumen pou lajistis rete nan men moun onèt.