11/14/2025
Flash! Nan moman an la nèg bawon laplèn yo fenk anvayi taba 27,anpil kout b4l ap t!re nan tout kwen, anpil moun ap kouri pran direksyon kafou fleryo,kafou rita,nèg yo pran plizyè chofè ki te sou wout la men yo pa fè yo anyen. Nèg chen yo gentan pran kontwòl zòn lekòl nasyonal taba a ki nan taba 27 la.
Bakòp lapolis ki te bò bank kafou fleryo a oblije kouri ale paske yo pa blennde anplis bal yo ap t!re san kanpe.
Komisarya taba a ansanm ak BIM nan sipoze ranfòse paske gen yon gwoup ki anndan clercine 22 k ap sot
zòn butte Boyer.
✍️patience presse