10/29/2025
Dr Rémy : Yon Pilye Enpòtan pou Renesans Lopital HCR Port-Salut
Nan mitan tout difikilte lopital HCR Port-Salut ap travèse jodi a mank ekipman, reta nan peye anplwaye yo, ak absans bon jesyon medikal gen kèk moun toujou kanpe dwat pou defann sa ki jis. Dr Rémy se youn nan ra medsen sa yo ke kominote Port-Salut kapab konte sou li pou pote yon veritab chanjman.
Yon Medsen ki Pa Asepte Mank Seryozite
Malgre kondisyon travay difisil, Dr Rémy toujou rete fidèl ak misyon li : sove lavi, ede malad yo, epi pwoteje diyite lopital la. Anpil anplwaye ka pafwa jwenn li di nan karaktè li, men se paske li pa tolere neglijans ni konpwomi lè se sante moun ki anje. Pou li, “byen malad la pase tout bagay.”
Li pa nan pati pri, li pa nan kòlè sistematik ; li fè pati jenerasyon pwofesyonèl ki kwè nan travay byen fèt, respè, ak responsablite.
Yon Dr ki Angaje pou Edike Jenès la
Pou montre angajman li depase mi lopital la, Dr Rémy lanse yon inisyativ edikatif pou jèn Port-Salut yo :
“Sante se Richès” – yon pwojè fòmasyon kominotè kote li pral òganize atelye chak mwa sou prensip sante debaz, prevansyon maladi, ijyèn, ak swen premye sekou.
Objektif li se fòme jèn kòm “Anbasadè Sante Lokal” pou yo kapab pote konesans sa yo nan lekòl, legliz, ak fanmi yo. Se pa sèlman yon pwojè medikal ; se yon misyon sosyal, ki montre Dr Rémy se yon lidè natirèl ki vle wè jenerasyon kap vini yo gen plis konsyans ak disiplin nan kesyon sante.
Yon Konsèy pou responsab Lopital HCR yo
Nou vle felisite direksyon lopital la paske yo gen chans gen yon pwofesyonèl tankou Dr Rémy nan ekip yo. Sa montre ke, malgre tout defi yo, gen toujou bon eleman ki kwè nan misyon lopital la.
Konsèy nou se pou direksyon HCR a kontinye chèche plis doktè ki gen menm kalite ak angajman ak Dr Rémy : moun ki gen kouraj, disiplin, ak respè pou lavi moun. Se nan tèt ansanm ak pwofesyonèl konsa lopital la ap kapab reprann valè li, e vin tounen yon modèl sèvis medikal nan tout zòn Sid la.