01/15/2024
Medjy Just Enposib !
Medjy, un artiste tout-terrain !
Malgre inaktivite Enposib ak yon ti tan silans atis la, Medjy fè yon bon revèy brital nan fen ane 2023 a e fini l an bote avèk yon bèl albòm solo, «48 Rebecca».
Yon "good", "cool" e "simple" album ki genyen 10 trak : « Pasyante», « Konsèy», « Lasyans», «Pridan», «Jou dega», «Bèl apèl», «Lapatri an danje», «Soperiye», «Mèsi bokou» ak «Bad gyal » featuring Kenny Haïti.
Mwen mete good devan mizik sa yo lèm tap tande albòm nan pou premye fwa, sa vle di yo bon, fèm plezi : « Konsèy», «Pridan», «Jou dega», «Lapatri an danje», «Soperiye», «Bad gyal » featuring Kenny Haïti.
Se yon album à la Medjy, li yon ti jan diferan de dènye «Kamasootra» Enposib la.
Se yon Medjy san presyon ki eksprimel, chante sa l resanti.
Albòm saa, san l pat anonse l fè efèl, pèmèt li reparèt nan biznis mizik la aprè l te fè silans ak disparèt sou sèn mizikal la pandan pwoblèm entèn ki genyen nan Enposib depi kèk tan.
E mete sou sa, yon patisipasyon reyisi e ekstraòdinè sou album «Just For you» Nu-Look la avèk bèl «duo" saa avèk Arly Larivière nan mizik «Mwen déçu» a. Mizik m plis tande sou plak la. :"Yon lanmou ki te byen kòmanse men ki fini mal. Yon bouch ki te konn di "je t’aime" kap di kounyèa "je te hais".
Ou pa inosan nan sak pase a. Ou te planifye separasyon saa, gade jan mwen sezi, mwen sezi poum mouri" chante 2 nèg yo, Arly ak Medjy .
E se pa sèlman sou mizik «Mwen déçu » Nu-Look la Medjy byen pase.
Nan lòt "duo", kolaborasyon avèk lòt atis tankou Baky Popilè, Dj Roger elatriye, misye toujou fè la diferans.
Pa egzanp, nan «All about you» Dj Roger, « Pote l ban m» Baky, «Si yo vle » feat. Medjy, Steves J. Bryan, Troubleboy ak «Love pa peye bil» toujou Baky Feat. Medjy.
Men’m nan kanaval, Medjy jere sa.
Nou sonje «Anyen pa enposib » mereng kanavalèsk 2017.
Misye ta pral kontinye an 2018, 2019 , 2020 avèk «Pa bak» featuring Dj Bullet Delane, «Peyi a gen defo» ak «Gadon plezi».
Definitivman, mwen panse Medjy Toussaint (Medjy Enposib) nan style pal ap fè yon bèl karyè nan mizik ayisyèn nan la.
Sou afè pa l, sou pwojè lòt atis, djaz envite l, ke l te konpa, rap elatriye, li toujou fè remake l. Medjy just Enposib, misye se yon atis tou tèren.
Medjy ki te kòmanse ak jèn gwoup TNT (Trip Nap Trip) an 2006-2007 kòm mayestwo ak kibòdis ki te gentan fè yon albòm ki te rele « La relève».
Medjy ki te fè etid li Saint Louis de Gonzague te vinn kite peyia pou l al kontinye etid li nan Université Québec ak Musitechnic kotel fè yon "bac" nan finans ak nan mizik.
An 2012, pandan Medjy te nan Enposib, li te fè albòm solo l ki rele «Alèz» avèk "tube" «Bom sou 2 bò».
Aprè sa, Enposib sòti album «Chay» an 2016 ki te an patenarya avèk ti mesye Carimi yo (la corporation Carimi) ki te achte 25 % nan aksyon yo, malerezman gwoup Carimi, te vi n kraze tou swit aprè nan menm ane 2016 saa, ki te okipel de pwodiksyon album «Chay» Enposib la finansyèman. E se Fito Farinen, manadjè Carimi ki te okipel tou de "mangement" Enposib.
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA