04/19/2023
Un Choix Difficile à Faire
😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍😍
▶ - Epizòd 3 – ▶ ✅
⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐
✍ Écrit Par : Ehudsen Le Poète
📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚📚
Telephone : +509 33319487
☎️☎️☎️☎️ 📞📞📞📞📱📱📱📱
Contact : Feyton Kreyòl Ayisyen
📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧📧
" Flora rive nan lòt apatman, kèl kontan paske l te toujou vle aprann plis sou Maril, e konnen plis sou fanmiy lan "
Terèse: tout bagay ok, m wè depiw rive anndan ou pa pale, ou pa di anyen
Flora: m pa rive jwenn mo, se yon gwo bitasyon, chak apatman se yon mèvèy, wow, eskize m pou kesyon an wi
Chak fwa m pale John de wou, ligen difikilte poul eksprime l ...
Terèse: se mariw, ou dwe renmenl, e angajman w pran fèw soude avèl jiskaske w mouri, alò m pawè pouki w bezwen yon esplikasyon
Flora: ou pa klè nan esplikasyon, m santim flou, kisa John fèw ?
M pat wè prezans ou nan maryaj nou an
Terèse: M paka diw anyen, ou marye ak John fèl esplike w
Flora: pito m antre nan apatman m nan, paske m pawè poukisa nap pale la
Terèse: se jis m pavle moun ki pral mete divizyon nan maryaj nou... M respekte chwa John, li pat chwazi envite youn nan nou nan maryaj li, sa gentan pase, sak pi enpòtan se moman nap pase a
Flora: John wi, epil pa parèt moun sa non
Terèse: mhmm, èske w vle konnen plis sou John?
Flora: wi, se pousa m vini la, Malgrem marye avèl, nap kouche ansanm
M santim tankou yon etranje, paske m pa konnen anyen de li, se tankou m pa nan vil
Terèse: ok, dim Saw ap bwè? M pagen dlo non, ou dwe chwazi yon bweson
Flora: talè, ou ka banm 5 minit m rele Marlie, yo te ale lopital m bezwen konnen kijan saye pou yo...
Terèse: degajew non
( Terèse ap manipile Flora, lap jwe sou jantiyès li, lap bay manti, Flora menm pran nan pyèj la podyab li pa konnen anyen... John menm lopital ak medam yo, lap fè piwèt pou Cyntia jwenn swen )
" Jhon rive Lopital akonpaye zanmi Flora yo"
Doktè: Kotew ap antre konsa zanmi? Kote fich ou? Ala de koze papa
John: Dòk, tanpri antre avèl, paske depi yè lap vromi, m pral fè fich la
Doktè: saw ap rakonte m la, bay yo pa legliz non,
John: Kote konpasyon an, kisaw fè ak sèman , epi chak jou nou rete chita di gouvènman pabon, pandan se nou tout ki kraze peyi a ... lajan okipe tout tèt nou, nou bliye moun.
Cyntia mare kèw m pral fè fich la
Doktè: fè rapid, paske m pa rete anpil tan poum ale
( Pandan John ap vire telefòn li sonnen)
Flora: bb kijanw ye?
John: ahh, m demoralize
Flora: kisa Cyntia gen ?
John: non, yon lopital m rive,
doktè a wè nan ki nivo Cyntia ap soufri, men li pagen anyen ki entèrese l ke lajan
Flora: kijanw wèl menm ?
John: dim non b, li te gen mennaj?
Flora: m pa konnen, li pat dim, poukisa ?
John: janm wèl la, li sanble ak moun ki ansent
Flora: m pa reflechi ak sa vre non, ok bay doktè a vag, ale nan famasi a
Achte yon tès gwosès bali
John: enbyen ok bb, ou manke m wi bb
Fè bagay kite poum, m grangou wi
Flora: woy, m tap bliye diw sa a, m pa lakay la non...
John: lè sa a ki kotew ye? Bonw pa menm konnen Okap ?
Flora: woy, ou pa bezwen enkyetew, nan lòt apatman m kay manmanw
John: kisa 🙉🙉, mezanmi ou kay manmanm?
Flora: m fè yon bagay mal ?
John: saw ap fè la? Franchman m te sur estime w, ou fèm desi
M vini yon kote avèw, nan kay mwen, map raple w ouse yon etranje pou moun sayo, yo pa konnenw, toutan m pa prezante w , ou pa gen kras dwa pouw adrese kras moun
Flora: sepa sèl fanmiy ou ki etranje pou mwen non, paske ou se yon etranje pou mwen, paske ou pajanm dim anyen, wap fèm sekrè, wi m konnen m pat dwe ale nan apatman manmanw pandanw pala, men se limenm ki te vini kote m, li envite m ale nan apatman l
John: m vrèman dezole bb, m pat dwe pale avèw konsa, se jis gen bagay ou pa konnen, antre lakay la
Lèm rive map esplike w tout bagay
( Flora apèn fin pale, Terèse pote yon Babankou pou yo bwè )
Flora: eskize m wi, m papka rete plis non
John relem, m prale
Terèse: ok, banm 5 minit, nap jis bwè yon ti vè nan Babankou a, map tou douw bagay John yo
Flora: sakfèw anvi rakonte m koze sou John konsa?
John se pitit ou, franchman m pa konprann anyen
Terèse: sak fèw pa bwè bay sa ki nan menw lan, ou pale twòp, sak fèw pa poze sanw pou w koute m? Bon woumenm kite fin mandem rakonte w, epiw pavlem pale
Flora: sepa fòt mwen, se jis m pavle pou John antre, epil pa jwenn anyen poul manje...
Terèse: ou ta gentan dim ou pral fè manje, ale non
Se la nou ye na gentan pale
Flora: ou jantiy anpil
Terèse: ki manman kipa alèz ak pitit yo, kounnya ouse pitit fim? Se nòmal cheri
Flora : m soti wi
Terèse: Flora
Flora: wi
Terèse: m tap bliye,men lèt sayo, menmsi m paka esplike w tout istwa depiw liyo
m panse yap edew...
( Flora ale, li pawè sise jwe Terèse ap jwel, okontrè li kòmanse apresyel , li annik rive li rankontre ak John)
Flora: nou gentan vini? E kote Cyntia?
John: li dèyè
Flora: bb Èske se sa n te pale a? Li ansent?
John: wi
Flora: oh, bb poukiw ap reponn mwen sèk konsa ?
John : m antre wi...
Flora: epa m ap pale avèw epiw vire dow?
John: M jis pa sou sanm
Flora: enbyen ok, nap pale talè, map fin pale ak medam yo, nou gen bagay poun pale
Marlie: Flora, m konnen sepa relasyon m, m pagen dwa diw sa pouw fè, men pa al diskite avèl
Paske moman pa bon pou li, sanble l resevwa yon move nouvèl jodi a
Flora: Cyntia, kijanw santiw?
Marlie: ou tande sam diw la Flora?
Flora: John dim ou ansent, ou konnen ou kontrarye m anpil
Cyntia: m pa konprann sak pase a, m te byen kontwole jou yo wi😭😭
Flora: epaw ap Kriye?
Cyntia: se jis m pat gen plan sa... 😭😭
Flora: menw gentan ansent ou paka fè anyen non
Cyntia: banm yon konsèy, ouse zanmim, ou wè sitiyasyon map viv
M pap travay, manmanm se yon ti pèpè li genyen ou panse m ka ansent konnya 😭😭
Flora: m pa wè sa poum diw, m panse desizyon sa ou dwe chita ak papa pitit la anvan
Cyntia: m gentan konnen li pap dakò, m pa santim prè poum pote pitit konnya, map avòte
Marlie: Flora dim non, m fèw yon bagay?
Flora: woy, saw di m pa tandew menm non ?
Marlie: mèd tande
Flora: li fache 😂😂, mal dòmi tande timoun
( pandan Flora pral vire, ti sè John nan vin mande pou misye, li tou antre avè l )
John: Junnie konnyaw vini?
Junnie: sèw ap soufri, sanble m vini nan move lè, epim te bezwen pale avèw wi
Flora: nou pat gen kras pwogram pou aswè a, m pral pale ak zanmim yo
M kite frèw pou ou
John: talè poko ale ... Junnie map prezantew madanm mwen, li rele Flora, Flora map prezantew ti sèm Junnie
Flora: John palem anpil de wou
Junnie: m kontan paske se woumenm ki pran kè frèm nan, m gen poum vin wèw wi
Flora: enbyen map tann ou
( Flora bay John espas poul pale, li tou pwofite okazyon an, poul mande Marlie eskiz, epi eseye dekouvri nonm ki ansent zanmil lan ... )
Junnie: Se kounnya m konprann rezon kifèw te pran desizyon sa, fanm nan bèl li anfòm, li saj, m kontan pou ou
John: poutan se pa mwen ki sijè jounen an, m te pale avèw yè, ou te dim wap soufri... Sisi menm si nou pa pale lontan men ou konnen m toujou koutew
Junnie: map ale rapid, sa genyen 2 mwa depim te rankontre ak yon moun, nou vin pwòch
Li fèm dekouvri lavi, m pat janm konprann ou jiskaske m fè pwòp eksperyans mwen, konnya m pakonn sa poum fè, m damou mennaj mwen
Men manmanm ap fòsem marye ak yon granmoun😭
John: sise pwoblèm saw gen , li grav anpil
M teka baw yon konsèy, men avan sa m ta renmen rankontre ak mennaj ou, paske relasyon moun ak moun pa senp, menmsi gen lanmou, menm si tout bagay respekte
ap toujou rete yon chwa difisil, paske chwazi yon moun pou tout viw pa senp
Junnie: map fèl vini kotew, men m vlew pale ak manman n
John : m pap pale ak malveyan sa
Junnie: li deyò a... Tanpri fèsa pou mwen
John: m diw non, m regrèt sisi
Menm papka
Junnie: 😭😭😭 m konprannepi pwoblèm mwen pa pwoblèm ou, jwi lanmou w
John: Junnie
Junnie: wi
John : kitem mete yon mayo sou dom, map soti avèw
( John anik soti, manmanl kouri anbwasel )
Junnie: male wi
John: ok sis
John: retire menw nan koum
Terèse: aprè tout sam andire, se konsaw ap tretem
John: ouse yon manman?
Terèse: m konnenm chaje ak enpèfeksyon, men m toujou goumen poum fè bonè nou, poum asire avni nou
John: m paka chanje anyen nan lavi, ni m paka chanje pase, menw ka chanje tout bagay siw vle, Junnie pa yon machandiz, alò li merite respè, li dwew lanmou, ak respè men sispann fèl soumèt
Terèse: jodi a m pale ak madanm ou, m konprann ke fasonm aji a te mal
Men nou paka chanje pase janw dil la, m prèt a akòde Junnie chwa, siw aksepte divòse ak madanm ou
John: m te gentan konnen kanpe pale avèw se yon gwo erè, menm fèsa pou Junnie
Terèse: an se konsa w vle jwe, sèlman map raple w ke m se manmanw
Savledi m gen plis laj pasew, map toujou gen yon dènye zèl kat
John: map diw sa, yon premye ak yon dènye fwa, Terèse se dènye fwa w rapwoche madanm mwen
Terèse: 😂😂😂 pouki rezon poum ta rapwoche l, si misyon m gentan akonpli 😂😂
( Pandan John ap pale, Flora soti kot zanmil yo, li tou pwofite ouvri lèt yo, li pa menm fin li premye a, li soti al kote John deyò a, tout zyel benyen ak dlo )
Flora: John 😭😭 m bezwenw
John: kisaw fè Terèse?
Terèse: m panse Madanm ou bezwenw wi, m wèl kòmanse ta, m swetew pase yon bèl nwit...
🔜 Aswiv ⏭
Pataje , pataje 🙏🙏🙏
( Like , kòmante , pataje .... Pouw ankouraje Feyton an , aviw enpòtan pou nou )
Ehudsen Le Poète