11/24/2025
Si w santi w egare, kitem gide w.
Gen jou lespri a chaje kou bourik andeyò k’ap desann lavil, lavi parèt flou, e tout bagay sanble ensèten.
Men pa bliye yon bagay, pafwa, tout sa w bezwen se yon prezans ki pa fòse, yon limyè ki mache ak ou an silans.
M pa la pou mennen w kote ou pa vle ale.
M la pou mache bò kote w, suiv vitès pa ou yo tankou lonbray ou, respire avè w jiskaske tout bagay retounen klè.
Gen fòs nan konfyans, e gen direksyon nan moun ki wè w menm lè ou pa wè tèt ou.
Si w santi w pèdi, pa wont.
Tout kè fè fo pa, tout nanm gen moman li akable.
Men si w chwazi ban mwen men w,
m pap lage’l jiskaske ou jwenn wout ou ankò.
Sa ka rive w pa bezwen yon moun pou sèlman gide w,
Si w anvi SONJE kiyès ou te ye anvan anvan mond lan te fè w sispann kwè nan tèt ou, ou ka konte sou mwen pou sa tou.
Si w santi w egare, kitem rete la pou ou.
Non sèlman pou montre w direksyon an,
men pou raple w fòs ou, limyè ou, tout bagay ki ap dòmi andedan w.
Si w kitem gidew, mpa pwomèt ou w pap kilbite, e si n ta tonbe, n a va leve ansanm jiskaske w retounen tounen an sètitid.
Si w santi w egare,
kitem gide w.
Jiskake w pa bezwen gid ditou, lè sa ou pap bezwen limyè, paske w se limyè.
Lumensa …✍🏾🧠🤍