Benju promo

Benju promo Platfòm sa a la pou fè w dekouvwi tout valè an Ayiti🇭🇹
(+509)42105010

Jodi a mwen te gen privilèj patisipe nan premyè edisyon Olympiades METAKAM, ki se yon aktivite sosyokiltirèl k’ap kontri...
08/29/2026

Jodi a mwen te gen privilèj patisipe nan premyè edisyon Olympiades METAKAM, ki se yon aktivite sosyokiltirèl k’ap kontribye nan devlopman entèktyèl timoun yo pandan y’ap ri.
Sensèman, mwen te vrèman apresye sa mwen t’ap viv la e m’ap pwofite felisite Lorrie K**a Joseph Dalma pou bèl inisyativ sa a pandan m’ap mande a tout moun ki ta swete nou genyen yon lòt jenerasyon ki kapab repwodwi egzanp sa yo timoun METAKAM CLUB yo ap bay la a, se sipòte inisyativ sila a ak tout lòt ankò ki nan yon liy pozitiv.

Mèsi pou akèy la K**a🙏

Benju promo

08/05/2026

Kote timoun k’ap monte kap ?
Kote timoun k’ap jwe Mab ?
Kote timoun k’ap jwe Rari ?

06/15/2026

Oulalaaa
E si rekonesans ak konsyans te yon elèv

06/08/2026

Timoun yo santi y’ap rejwi paske Bondye fè yo pase ane lekòl la an byen🙏

06/08/2026

Se yon veritab gaspiyaj

06/05/2026

Waww gade yon adorasyon🙏

06/05/2026

Lekòl Béthanie Colette te envite m al patisipe nan yon seremoni aksyon de gras a letènèl pou klotire ane eskolè a jodi a.
Pandan moman beni sa a, gen yon elèv ki vrèman atire atansyon m.
Ou ka remake l menm jan avè m nan videyo a.
Ou santi fiyèt la ap viv yon koneksyon eksepsyonèl avèk Bondye.
Felisitasyon a lekòl Béthanie Colette la pou misyon sa a n’ap akonpli nan kominote Rabelwaz la👏

05/27/2026

Bonjou🇭🇹

😭😭😭Se tris zanmi m yo pou m anonse nou nouvèl la😭Yonn nan nou pat atann a depa sa a bonè konsa, malerzman se sa ki reyal...
05/27/2026

😭😭😭
Se tris zanmi m yo pou m anonse nou nouvèl la😭
Yonn nan nou pat atann a depa sa a bonè konsa, malerzman se sa ki reyalite a an Ayiti😭
Nou pat kache lanmou ak apreyasyon nou pou mwen nan fason m t’ap fè pwomosyon pou mango Bòksi a ki se prensipal mang Soval pwodwi🥭
M konnen nou te espere wè plis kontni toujou sou diferant fòm avèk mang lan, malerezman paj listwa sa a sanse fèmen pou sezon sa a paske mango a fini rapid.

Men 2 remak mwen vle soulinye pou nou:
1-Poko gen yon mwayen pou nou konsève mang lan pou l fè plis tan (swa sou fòm transfòmasyon).
2-Anpil nan mang lan te gen vè( m espere syantifik yo pote yon konsèy sou sa).

M remake nan kèk jaden gen kèk pye ki gen kèk grenn ki poko rèk (yo pa vrèman anpil).
M swete ou menm ki pat la sezon sa a, mande Bondye pou l fè w viv sezon k’ap vini an.

M t’ap regrèt si m pat gentan byen frape l🤣
Viv Ayiti, viv mango Bouch kochon🥭🇭🇹

Address

1481 Nw 52 Avenue
Lauderhill, FL
33313

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Benju promo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Benju promo:

Shortcuts

Share