Fritz Maignan

Fritz Maignan 💥💥🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹🌹⚘️⚘️⚘️⚘️⚘️

Istwa sa tris an menm tan lienteresan
11/16/2025

Istwa sa tris an menm tan lienteresan

Mèsi marenn

Mwen te piti lè marenn mwen fè'm kado yon chèn lò, ni manman'm ni papa'm te kontan kado a. Li te banm li lè'm tap fete 8 an mwen. Men depi lè'm fin resevwa kado sa lavi'm chanje, tou piti m'ap fè yon seri de rèv drol mwen toujou wè yon koulèv ki vin pale avè'm nan dòmi men mwen pa janm konprann pafwa se ak gro kou rèl mwen reveye. Papa'm konn menm arive bat mwen lè'm fe sa, paske kri mwen yo konn reveye tout moun nan kay la nèt. Arive yon lè mwen vin pa reve koulèv la ankò se yon gason mwen souvan wè nan domi, ki toujou ap di'm ke'm se madanm li k'ap eseye aproche'm pou'l manyen'm men mwen toujou repouse'l. Manman'm se kretyèn papa'm al legliz tou men li pa kretyen li nan tout sòs li pa kwè nan anyen fiks. Yon swa pandan'm leve pou'm al p**i m pase menm m pa wè chèn lan nan kou'm ke'm sote map poze tet mwen kesyon kibò mwen dwe jete'l, mwen annik fin p**i epi'm moute kabann mwen dòmi ankò epi nan demen maten lè'm leve m wè chèn mwen byen klere nan kou'm. La mwen kòmanse pè, mwen kòmanse pa konprann sa k'ap pase'm nan aswè ankò mwen refè menm remak la lè'm leve pou'm chèche chèn nan mwen pa wè'l lè'm souke dra mwen wè yon jenn ti koulèv detire tou long ap dòmi bò kote'm nan. Fwa sa mwen pa rele mwen pa kriye m jis moute kabann mwen ankò epi'm kouche dòmi pa pran'm jouk li jou. Marenn mwen toujou ap mande'm kòman'm domi, èske'm pa konn fè vye rèv se lè sa mwen vin konprann poukisa depi lè li te fin banm chèn nan l'ap poze'm tout kesyon sa yo.

M'ekziste men mwen pap viv, chak swa chèn nan tounen koulèv sou kabann nan epi lajounen li nan kou'm san se pa mwen menm ki mete'l. Mwen al jete chèn nan nan lanmè avan'm rive lakay mwen wè'l nan kou'm, mwen Lage'l nan trou ego jounen an pap fini pou'm pa rejwenn li nan kou'm tout sa'm fè pou'm debarase ave'l mwen pa kapab. Mesye mwen konn wè nan dòmi an toujou ap ofri'm yon pakèt bagay men kote'l voye'm yo mwen pa janm ale pou'm al pran yo. Yon fwa li di'm li kite yon bagay pou mwen devan legliz senpyè petyonvil la li dim kelkeswa sa'm ta wè a mete'l nan valiz mwen epi al lakay mwen epi mwen pap janm gen problèm lajan ankò jouk mwen mouri. Fwa sa mwen resi leve ale pa kiryozite, lè'm rive ekzakteman kote'l te eksplike'm nan mwen wè twa bèl pyè diferan koulè men mwen te pè pran yo m tounen lakay mwen san yo. Lè'm domi nan aswè m wè'l ap fè kòlè sou mwen, epi'l dim ke'm pran yo ke'm pran yo ke'm pa pran yo mwen fanm li nèt. Map domine m'ap pase yon tray ke'm pa ka eksplike pèsòn, yon swa pandan map tande emisyon kite ròch yo pale sou 4VEH mwen tande yon moun ki tap temwanye istwa pa'l la te yon ti jan sanble ak pam nan mwen vin deside suiv manman'm mwen vin kòmanse ale legliz mwen konvèti lè sa mwen te gen 15 an. Men depi lè matant mwen wè'm konvèti a li fè'm ènmi. Mwen toujou fè menm rèv yo sof ke chak fwa'm wè mesye a mwen wè'l ap kriye l'ap dim poukisa'm fè'l sa, e chèn mwen toujou nan kou'm. Apre'm fin batize nan demen gen yon group misyonè ki soti jous tyòt vin priye lakay la sa te etone'm pou jous kote ti kay nou an ye nan mòn jalouzi pou mwen yo jwenn nou e yo di se kay sa menm yo tap chèche a. Pandan y'ap priye konsa gen yon manb nan group la ki di'm kote moun ki te fè'm kado chèn ki nan kou'm nan, mwen di'l se marenn mwen e mwen sipoze li nan boutik li l'ap vann. Epi li di'm mennen'l lakay li.

Lè'n rive kote marenn mwen an mesye a pale avè'l ak yon otorite li di'l madanm mwen soti jous tyòt pou'm vin ede demwazèl sa remèt ou bèl chèn lò sa, epi'l di'm jèn fi remèt madanm nan afè'l 2 boul je marenn mwen soti men li te oblije pran'l nan menm. Li tonbe rakonte mesye a, se paske moun nan zòn nan te konn ap kritike'l pou ti bak sirèt li te genyen an li te bezwen posede plis epi yon zanmi te mennen'l kote sa, vreman vre li achte tout ti kay akote'l yo apre poul te ka bati chato ke'l abite konnya men li di'l pat ka sipote domi ak koulèv la ankò sitou li gen mari pafwa se pandan'l ap dòmi ak mari'l koulèv la vin kouche'l. Fok li te debarase'l ave'l e fok se yon moun ke'l renmen pou'l te bay li se pou sa se fiyèl li ke'l te bay li. Depi apre jou sa mwen libere mwen domi tout domi'm mwen viv an pè, m pa janm wè koulèv nan kabann mwen a kò ni mwen pa janm fè vye rèv yo.
Tag yon zanmiw

Kisa istwa sa aprann ou?

11/11/2025

Peche nou yo rann nou pedi fas BonDye. Rann nou soufwi anpil. Men sa ki enpotan se retounen vin jwenn li.

11/11/2025

An nou di non ak tout vyolans sou fanm.

11/11/2025

Fanm se la vi, fanm se libete, yo se manman nou. An nou proteje yo. Nou di aba tout vyolans sou fanm. Followers

11/10/2025

Ne vous inquiĂŠtez de rien,
mais en toutes choses faites connaĂŽtre vos besoins Ă  Dieu
par des prières et des supplications, avec des actions de grâces.
Et la paix de Dieu,
qui surpasse toute intelligence,
gardera vos cœurs et vos pensées en Jésus-Christ. Followers

11/10/2025

Seigneur, je te confie cette nouvelle semaine.
Guide mes pas, bĂŠnis mes projets,
et donne-moi la paix dans tout ce que je ferai.

11/08/2025

Ce n’est ni par la force, ni par l’épée… mais par l’Esprit de Dieu.

11/08/2025

Même quand tout semble perdu…
Dieu prépare quelque chose de beau.” Followers

11/06/2025

N’aimez point le monde, ni les choses qui sont dans le monde.
Si quelqu’un aime le monde, l’amour du Père n’est point en lui.”
(1 Jean 2:15

11/06/2025

Je dĂŠclare que la bĂŠnĂŠdiction de Dieu repose sur ma vie.
Tout ce que je touche prospère,
et aucune arme forgée contre moi ne réussira !”

11/06/2025

N’aimez point le monde, ni les choses qui sont dans le monde.
Si quelqu’un aime le monde, l’amour du Père n’est point en lui.”

11/05/2025

❤️ le message est clair, félicitations à toi mon garçon.

Abonnez-vous et partagez

Address

Lebanon, PA
17042

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Fritz Maignan posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Fritz Maignan:

Share