07/22/2026
Depi kèk tan, anpil nan vil nou yo an Ayiti vin gen yon dezòd kap fèt e ki sanble ap vin yon nòmalite de jou an jou. Machann k ap anvayi twotwa yo, chofè moto ak kamyonèt k ap bloke lari san respè pou sikilasyon an, ak mòn fatra k ap vin degrade imaj peyi a. Men jodi a, depatman Nò an ap pwouve nou yon lòt bagay, yon lòt fason pou jere espas piblik yo posib.
Aksyon ki poze pou retire machann sou twotwa yo ak pou mete lòd nan fason chofè machin ak moto yo estasyone nan kèk ri stratejik yo pote yon gwo soulajman. Lè w ap mache nan lari yo jodi a, ou ka jwi bote arkitektik vil la, pyeton yo jwenn espas pou yo mache an sekirite, epi sikilasyon an vin pi fluid. Reyòganizasyon sa a montre sa k ka fèt lè gen volonte ak disiplin.
Sitiyasyon lòd sa a pa sèlman aranje sikilasyon an, li vin bay sitwayen yo ak envestisè yo plis konfyans. Jodi a, nou ka remake yon gwo dinamik nan fason moun yo ap konstwi nan depatman an. Moun yo pa jis ap bati pou bati. Gen yon efò k ap fèt nan estetik, nan chwa arkitekti, ak nan fason kay yo ak biznis yo ap entegre nan peyi a.
Nouvèl konstriksyon sa yo vin mete plis limyè sou bote natirèl ak istorik Nò a. Lè yon vil pwòp, lè lari yo lib, epi kay yo byen fèt, se tout vil la ki vin gen yon valè san parèy ak lajwa pou moun ki rete ladan l yo ansanm ak vizitè k ap vini soti toupatou yo.
Eksperyans k ap fèt nan Pati Nò se yon vrè plan travay pou tout lòt depatman ak vil nan peyi an ta kopye.
Li lè li tan pou lòt vil nan peyi a kopye sou bon egzanp sa a. Devlopman Ayiti pap soti nan syèl la, l ap soti nan fason chak depatman pran konsyans pou met lòd lakay li, pwoteje anviwònman l. Pati Nò an trase chemen an, kounya li rete ak lòt depatman yo pou kopye l ou byen vini ak yon bagay ki pi bon e pi bèl.