12/20/2025
Couleurs Matinales selebre 3 zan anivèsè li jounen 20 desanm 2025 la nan Jakmèl.
Nan okazyon sa a, staf emisyon an te òganize plizyè aktivite sosyal, pami yo yon klinik mobil, distribisyon plat cho, ansanm ak kit sanitè nan kominote a, nan objektif pou pote soulajman ak solidarite bay popilasyon an.
Jacob Janvier, animatè vedèt emisyon Couleurs Matinales, ki pase chak lendi pou rive vandredi, soti 9è nan maten rive midi, sou Radio Groove FM nan Spring Valley ak Radio Sudestar nan Jakmèl, te pran la pawòl nan mikwo Radio DC FM.
Nan entèvansyon li a, Jacob Janvier te esplike poukisa li te chwazi selebre anivèsè emisyon an atravè aksyon sosyal, olye de yon fèt klasik, li fè konnen emisyon an toujou chwazi rete kole ak reyalite pèp la.
Li pwofite remèsye tout sipòtè emisyon an, sitou manm dyaspora a, ki pa janm sispann pote soutyen yo, ni moralman ni materyèlman, pou pèmèt Couleurs Matinales kontinye grandi ak sèvi kominote a.