RADIO TÉLÉ VAL INTER

RADIO TÉLÉ VAL INTER Média en ligne diffusant des informations locales et internationales et des actualités culturelles

11/14/2025

_OU NAN DEPATMAN SID OKAY AK ANVIWON LI YO_

📢 VACOM ouvè enskripsyon li yo!

Ou vle aprann kominike pwofesyonèlman, domine lang franse a, oswa fè karyè nan jounalis? Pa rate opòtinite sa!

🎓 50 demi-bous etid disponib!
💬 Communication française
📢 Relations publiques
📰 Journalisme & langues

Enskripsyon: 1000 gourdes sèlman!
📍 Cayes, Haiti – Referans Radyo Vwa Peyizan Sid (VPS)
📞 +509 47812819 / 41159686

Nouvèl sesyon: Janvye 2026

👉 Pataje afich la epi envite zanmi w yo enskri. Se kounya pou nou bati avni nou! 💪

VACOM – Val et Associés, École de Communication et de Langues
La langue est un pouvoir, la communication, un avenir.

10/07/2025
09/25/2025

*Nwayo Fanm Sid (NFD) Leve Vwa yo Kont neglijans KPT a sou Dosye Sekirite ak ouvèti Gran Wout Sid la*

Jan nou diw la* Gwoup Nwayo Fanm Sid lanse yon gwo kout rèl sou Konsèy Prezidansyèl Transisyon (KPT) ak manb li yo, yo akize de inaksyon douvan ensekirite k ap ravaje peyi a, sitou fèmti ki sou gran wout Sid la.

Manm NFD yo pa t ezite mete tout kat sou tab pou kritike mank desizyon klè ki vize entegre fanm yo nan tout biwo leta kou prive yo, kote jounen jodi a anpil fanm oblije rantre nan pwostistsyon nan vil okay tèlman lavi ak di pou yo, yo te pwofite tou takle manb kpt yo ki pa janm di yon mo sou reouvèti aksè sou RN .

Yo fè konnen sitiyasyon an mete madan sara yo nan gwo difikilte ekonomik. « Pou soti Pòtoprens pou antre Sid ak machandiz, se plis pase 250 dola ameriken pou yo peye. Depatman an vin tounen yon zile abandone, » daprè temwayaj yo.

Nwayo Fanm Sid yo lanse yon apèl prese prese bay manm KPT yo pou mete tout mwayen an mouvman pou relouvri aksè Sid la. Yo avèti: *“Si pa gen solisyon kounye a, demen ka pi mal toujou.”*

🎯 *VALCOM - École de Communication et de Langues*  *LANSÈMAN OFISYÈL KOU FRANSÈ & PRAN LAPAWÒL AN PIBLIK!* 🇫🇷🎤💻 *Cours d...
09/15/2025

🎯 *VALCOM - École de Communication et de Langues*

*LANSÈMAN OFISYÈL KOU FRANSÈ & PRAN LAPAWÒL AN PIBLIK!* 🇫🇷🎤

💻 *Cours de français 100% en ligne*

🎙️ *Prise de parole en public (depatman sid)*
📚 *Pou tout nivo*

🗓️ *Dat kou yo* :
✔️ En semaine : 21 & 23 octobre 2025
✔️ En week-end : 18 & 19 octobre 2025

📱 *Enskripsyon ak plis enfòmasyon via WhatsApp* :
+509 4781 2819 / +509 4115 9686

👨🏽‍💼 *PDG : Valentin Kerlin*
🎯 *"Grâce à VALCOM, la langue devient un pouvoir… sachez comment l’utiliser !"*

Nou konte sou ou pou w *pataje afich la* ak tout zanmi ou yo 📲

Ann mete lang lan o sèvis rèv nou ✨
https://chat.whatsapp.com/DZWksTk0bZU7Utwf1MzX6r?mode=ems_copy_t

*📢* *Pwòpte Vil Okay la: Kiyès ki merite kredi a?**RADIO TÉLÉ VAL INTER GEN REPONS LAN* _Jedi 14 dawout 2025_;_ Nan moma...
08/14/2025

*📢* *Pwòpte Vil Okay la: Kiyès ki merite kredi a?*

*RADIO TÉLÉ VAL INTER GEN REPONS LAN*

_Jedi 14 dawout 2025_;_ Nan moman kote anpil moun ap felisite vil Okay pou imaj pwòpte li pandan peryòd fèt Notre Dame lan, gen kèk òganizasyon lokal k ap fè fas ak move tretman malgre angajman yo. Se inisyativ *OKAY REVIV*, *Villa John* ak *Nwayo Fanm Dayiti* ki ta dwe resevwa tout kredi pou netwayaj la, daprè sa plizyè sitwayen lokal ap denonse.

*Malerezman, majistra vil la pa t mete zepòl li ak efò netwayaj sa yo. Li pa t mete materyèl a dispozisyon gwoup sa yo, e li te fè konprann klèman ke *Gelée* se priyorite li, olye sant vil la. Malgre sa, mesye dam yo te kontinye travay ak mwayen pa yo, detèmine pou mete lavil la pwòp.*

Gen obsèvatè ki estime li se yon erè pou otorite lokal yo pa chwazi kolabore ak aktè sosyal ki deja ap mete men pou amelyore lavi kominotè a. Jodi a, se etranje k ap fè lwanj pou pwòpte vil la.

Se sak fè, li enpòtan pou bay *kredi* bay moun ki mete zepòl yo. Fyète Okay, se fyète nou tout. Men onè ak respè dwe ale pou sila yo ki mete tout kouraj yo chak jou pou fè vil la pi bèl.

*Okay se pou nou tout.* Se pou nou rekonèt sa e soutni sa k ap bati li.*.

*RADIO TÉLÉ VAL INTER (RTVA)*
*« Vwa peyi a, kè mond lan ! »*
📞 +509 4781 2819
📲 Facebook | YouTube | Instagram | X :

*https://whatsapp.com/channel/0029VasfQTxLtOj9Jke0Gd1c

*📢*BARBECUE DÉFIT LA MSS AU BAS-DELMAS EN RÉPONSE LE FBI ACHÈTE DES INFORMATEURS A 5 MILLIONS !*Un avis de recherche int...
08/13/2025

*📢*BARBECUE DÉFIT LA MSS AU BAS-DELMAS EN RÉPONSE LE FBI ACHÈTE DES INFORMATEURS A 5 MILLIONS !

*Un avis de recherche international lancé contre Jimmy Chérisier, alias « Barbecue », par le FBI*

Les États-Unis, par l’entremise du FBI, ont lancé ce mardi un *avis de recherche international* contre le puissant chef de gang haïtien Jimmy Chérisier, alias « Barbecue », leader de l’organisation terroriste « Viv Ansanm ».

Selon le *Bureau fédéral d’enquête (FBI)*, Barbecue est poursuivi pour *« complot en vue de violer la loi sur les pouvoirs économiques d’urgence internationale »*. Il aurait conspiré avec des individus situés aux États-Unis, en Haïti et ailleurs, dans le but de violer les sanctions imposées par le gouvernement américain.

Un *mandat d’arrêt fédéral* a été émis contre lui par le *tribunal de district des États-Unis à Washington D.C.*. En réponse, le FBI offre *jusqu’à 5 millions de dollars* à toute personne pouvant fournir des informations menant à son arrestation ou sa condamnation.

La publication de l’avis intervient trois jours après que le *Jamaica Observer* a révélé que l’administration Trump comptait demander au *Conseil de sécurité de l’ONU* l’envoi d’une mission de sécurité en Haïti, afin de mater les gangs armés, dont « Viv Ansanm », qui contrôlent près de *80 % du territoire de Port-au-Prince*.

*RADIO TÉLÉ VAL INTER (RTVA)*
*« Vwa peyi a, kè mond lan ! »*
📞 +509 4781 2819
📲 Facebook | YouTube | Instagram | X :

*https://whatsapp.com/channel/0029VasfQTxLtOj9Jke0Gd1c

📢AYITI-ENSEKIRITE:APÈN SOTI NAN AKADEMI, POLISYE BATHALIEN TONBE ANBA BAL BANDIBathalien Guy Rurley, yon ajan UTAG ki fè...
08/12/2025

📢AYITI-ENSEKIRITE:
APÈN SOTI NAN AKADEMI, POLISYE BATHALIEN TONBE ANBA BAL BANDI

Bathalien Guy Rurley, yon ajan UTAG ki fè pati 34e pwomosyon Lapolis la, tonbe lendi 11 dawout 2025 pandan yon echanj kout zam ak gang “Gran Grif” nan Liancourt, Latibonit. Li te resevwa yon bal nan kou, epi li rann dènye souf li sou kabann lopital.

Polisye sa a, ki te sòti nan dènye pwomosyon 10 janvye pase a ki te batize “Vètyè”, se premye viktim lan nan klas li. Selon enfòmasyon yo, li pa t menm gentan touche premye chèk li.

Pou rapèl, gen plis pase 3 lòt polisye ki te asasinen nan menm zòn sa a mwa pase a, kote kriminèl yo te imilye kò yo san gade dèyè..

*RADIO TÉLÉ VAL INTER – Vwa Peyi a, Kè Mond Lan*
📲 +509 4781 2819
📱 Facebook | Instagram | YouTube:

https://whatsapp.com/channel/0029VasfQTxLtOj9Jke0Gd1c

*Katouch, Drones ak Panik maten an nan zòn Kafou Fèy*  *Pòtoprens, Lendi 11 Dawout 2025* –  Depi 6h maten, abitan Kafou ...
08/11/2025

*Katouch, Drones ak Panik maten an nan zòn Kafou Fèy*

*Pòtoprens, Lendi 11 Dawout 2025* –

Depi 6h maten, abitan Kafou Fèy leve ak bri katouch kap pete san rete. Bal maron t ap tonbe sou Premye Aveni, sou Dalles, epi rive jiska Dezyèm Avni.

Daprè enfòmasyon nou jwenn, fòs de lòd yo itilize drones pandan operasyon an. Jiska 9:00, senkyèm drone lan te fin tonbe anba lavil, kèk minit avan n ap ekri nouvèl sa a.

Aksyon sa a lakoz plizyè bandi ta deja pèdi lavi yo sou plas — genyen ki mouri boule, gen lòt ki tonbe anba kout bal, e rès yo kouri abò yon ti pikòp. Plizyè nan yo, daprè temwen, deja fè vwèl pou peyi san chapo.

Malgre sitiyasyon tansyon sa a, sikilasyon pa totalman paralize:
*Nan 9:08*, gen machin ki soti Kafou ap desann pou ale lavil, e gen lòt ki sòti Lavil ap monte Kafou.

*RADIO TÉLÉ VAL INTER – Vwa Peyi a, Kè Mond Lan*
📲 +509 4781 2819
📱 Facebook | Instagram | YouTube:

https://whatsapp.com/channel/0029VasfQTxLtOj9Jke0Gd1c

*SUISID TRAGIK NAN PEYTONVIL: *Abe Boursiquot Rodny touye tèt li nan lakou Legliz Sen Pyè Petyonvil**RADIO TÉLÉ VAL INTE...
08/10/2025

*SUISID TRAGIK NAN PEYTONVIL: *Abe Boursiquot Rodny touye tèt li nan lakou Legliz Sen Pyè Petyonvil*

*RADIO TÉLÉ VAL INTER – VWA PEYI A, KÈ MOND LAN*

Yon trajedi frape achidyosèz Pòtoprens lan samdi 9 dawout 2025, kote Abe *Rodny Boursiquot*, seminaris ki t ap swiv fòmasyon li nan legliz Sen Pyè Petyonvil, ta mete fen nan lavi li.

Dapre enfòmasyon nou jwenn, jèn seminaris la ta pase pa yon fenèt avan li te lage kò li atè nan lakou legliz la. Zak dramatik sa a ki mete tout kominote a sou chòk pa t janm bay okenn siy prealab.

Otorite legliz yo, ansanm ak fòs lòd yo, ouvè ankèt pou klere sou sikonstans doulè sa a. Responsab relijye yo mande lapè pou nanm li, pandan yap sipòte fanmi ak kominote seminaris la.

RADIO TÉLÉ VAL INTER ap kontinye swiv devlopman dosye sa.
https://whatsapp.com/channel/0029VasfQTxLtOj9Jke0Gd1c

📢ALÈT: KIDNAPIN SOU DELMAS – ASAYAN YO TE AK INIFÒM LAPOLIS**Jodi lendi 4 dawout la, sou wout Delmas*, gen yon *ka kidna...
08/05/2025

📢ALÈT: KIDNAPIN SOU DELMAS – ASAYAN YO TE AK INIFÒM LAPOLIS*

*Jodi lendi 4 dawout la, sou wout Delmas*, gen yon *ka kidnapin ki fèt*, kote *moun ki komèt zak la te mete inifòm lapolis sou yo*.

Sityasyon sa mete popilasyon an anba gwo menas, paske *kriminèl yo ap sèvi ak inifòm otorite pou twonpe moun*. Sa vle di nenpòt moun ou panse ki se polisye, *ka tounen yon danje potansyèl*.

**RTVA lanse apèl bay tout sitwayen:
✅ Kenbe vijilans
✅ Fè atansyon ak tout mouvman
✅ Pa mete konfyans fasil nan okenn moun ak inifòm
✅ Evite deplase san nesesite**

*Kontinye fè prudans nou.* Lavi nou se pi gwo richès nou.



📱 +509 4781 2819
🌐 Facebook, YouTube, X: *RADIO TÉLÉ VAL INTER*
🎙 *Vwa Peyizan yo, Kè Mond Lan!*

https://whatsapp.com/channel/0029VasfQTxLtOj9Jke0Gd1c

📣📢*ALÈT! TÈ A SEKWE NAN ZÒN PEYI D AYITI AK REPIBLIK DOMINIKÈN**Lendi 4 Dawout 2025, a 11:02 PM*, tè a *tranble fò* nan ...
08/05/2025

📣📢*ALÈT! TÈ A SEKWE NAN ZÒN PEYI D AYITI AK REPIBLIK DOMINIKÈN*

*Lendi 4 Dawout 2025, a 11:02 PM*, tè a *tranble fò* nan plizyè rejyon nan peyi d Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Dapre done ofisyèl, *mayitid tranblemanntè a estime a 4.1* sou echèl Richter. *Episant lan te lokalize a 13 km de Petyonvil*, epi li te santi nan *Pòtoprens, Jakmèl, Mirbalè*, ak lòt zòn ki toupre yo.

📍![Séisme magnitude 4.1 - 13 km de Pétion-Ville](attachment:image)

Pou kounye a, pa gen rapò ofisyèl sou dega oswa viktim, men otorite yo ap kontinye evalye sitiyasyon an.

RTVA ap swiv devlopman dosye a epi ap pote plis detay pou kominote a.



*Kontak RTVA*
📱 +509 4781 2819
🌐 Facebook, YouTube, X: *RADIO TÉLÉ VAL INTER*
🎙 *Vwa Peyizan yo, Kè Mond Lan!*

https://whatsapp.com/channel/0029VasfQTxLtOj9Jke0Gd1c

Address

Manhattan, NY

Telephone

+50947812819

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when RADIO TÉLÉ VAL INTER posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to RADIO TÉLÉ VAL INTER:

Share

Category