Les gens du centre

Les gens du centre Sou paj sa wap gen posiblite pou dekouvri depatman sant. Vil yo, abitan Yo, sit touristik yo ect

Nan ki nivo ankèt Mèt Junior a ye? Kisa kap fèt? Èske mèt la AK fanmil ap jwenn jistis.
12/27/2025

Nan ki nivo ankèt Mèt Junior a ye?

Kisa kap fèt? Èske mèt la AK fanmil ap jwenn jistis.

Nan okazyon fèt Nwèl sa a, ekip Les gens du centre  lan ap swete ou menm ak fanmi ou anpil lanmou, lapè ak limyè nan kè ...
12/25/2025

Nan okazyon fèt Nwèl sa a, ekip Les gens du centre lan ap swete ou menm ak fanmi ou anpil lanmou, lapè ak limyè nan kè nou ak lakay nou. ✨

Ke Nwèl 2025 sa pote lespwa pou chak komin nan Depatman Sant lan e ke lanmou ak solidarite kontinye grandi ant nou tout.

Mèsi paskew toujou la, paskew kwè nan sa nap fè, e paskew se yon nan nou vle pote.

Bòn fèt, bon kè, bon espwa☃️☃️☃️

fans








Majistra Lochard negosyé pa vle di Lach-Pandan wap Analize bagay yo panse a Ti malere ki kite kay yo kap domi sou plas p...
12/19/2025

Majistra Lochard negosyé pa vle di Lach

-Pandan wap Analize bagay yo panse a Ti malere ki kite kay yo kap domi sou plas piblik, kap domi sou ban lekòl.
-panse a ti malere yo ki pa manje tout tan leta pa ba yo yon kit mizerab

Yo pa t fèt pou n ap ekri mesaj sa yo…  Men gen kèk silans ki twò lou pou nou kontinye fèmen bouch nou.  Nou tande, nou ...
12/19/2025

Yo pa t fèt pou n ap ekri mesaj sa yo…
Men gen kèk silans ki twò lou pou nou kontinye fèmen bouch nou.

Nou tande, nou wè, epi nou santi epi fwa sa a, nou pa ka rete bèbè.
Plizyè timoun, plizyè fanmi, plizyè rèv fenk koumanse…
Ki fini nan soufrans, nan dlo nan je, nan kò san lavi.

Nou pa ap montre dwèt sou pèsonn, men nou mande ak tout respè, ak tout detrès, ak tout fòs ki rete nan nou:
, otorite lokal, dirijan vil tanpri, leve je nou sou sekirite timoun yo.
Nou pa ka pèdi plis ankò. Se pitit sa yo ki lavni nou.

Lè timoun ap disparèt e se kadav y ap jwenn, se pa yon nouvel se yon kri.
E nou swete kri sa a jwenn zòrèy.
Nou pa mande mirak, nou mande vigilans.
Nou pa mande zam, nou mande swiv.
Nou pa mande pale nou mande aji.

Tanpri. Se pou dènye fwa nou ekri mesaj konsa.
Se pou dènye fwa timoun yo pa t rive tounen lakay yo.


Mairie de Hinche
Les gens du centre
fans
Avocat Jean Fresly

Orè Egzamen yo patajel pou plus Moun ka wèl
12/14/2025

Orè Egzamen yo

patajel pou plus Moun ka wèl

Orè Egzamen yo pou NS4 patajel pou tout moun ka wèl
12/14/2025

Orè Egzamen yo pou NS4

patajel pou tout moun ka wèl

Plizyè man'b nan sosyete sivil elaji a adopte yon rezolisyon pou fasilite retrè gang yo nan vil mibalè al S**oRezolisyon...
12/14/2025

Plizyè man'b nan sosyete sivil elaji a adopte yon rezolisyon pou fasilite retrè gang yo nan vil mibalè al S**o

Rezolisyon an genyen 4 gwo pwen

Lil epi vinn di Nou kisaw panse nan yon kòmantè. Les gens du centre



**o

*📢 KOMINIKE OFISYÈL — MÈRI ENCH AK SÈVIS SIKILASYON*  Nou envite tout moun pran tan li epi *pataje* kominik sa pou plis ...
12/14/2025

*📢 KOMINIKE OFISYÈL — MÈRI ENCH AK SÈVIS SIKILASYON*
Nou envite tout moun pran tan li epi *pataje* kominik sa pou plis moun ka enfòme.

✅ Nan objektif pou debloke lari yo, mete plis sekirite nan vil la epi fasilite sikilasyon pyeton ak machin, Mèri Ench ak Sèvis Sikilasyon mande *tout sitwayen ki gen kawach, garaj, machin anpàn oswa machandiz* ki okipe lari *retire yo nan 3 jou* apati dat piblikasyon an.

🛑 *Zòn sa yo pa pou vann, fè depo, oswa ekspoze machandiz.*
📅 Mezi yo pral aplike soti *Vandredi 12 Desanm rive Madi 16 Desanm 2025*.

👉 Lapolis ak lajistis ap sipòte mezi sa yo pou asire li respekte.

*Ann mete tèt ansanm pou yon Ench ki pi pwòp, pi òdone, pi sekirize*



Machine moun pa rive idantifye sot tire sou Dj Gibs Touprè ji kann lan Erèzman pou Dj a li pa pran bal men machine li a ...
12/12/2025

Machine moun pa rive idantifye sot tire sou Dj Gibs
Touprè ji kann lan
Erèzman pou Dj a li pa pran bal men machine li a pran anpil bal

Nou mande fòk gen ankèt ki ouvri prese prese sou zak malonet sa

🆘 li rele  Charles Jaccinel li se Moun cerca la sourced'épi lundi 8 décembre lan li te vini Hinche jusqu'à présent perso...
12/11/2025

🆘 li rele Charles Jaccinel li se Moun cerca la source

d'épi lundi 8 décembre lan li te vini Hinche jusqu'à présent personne pa gen nouvel li

si yon moun ta remake li yon kite antre en contact avec fanmil nan numéro sa 👉🏿41645198. pa bliye post la

Félicitations Avocat Jean Fresly Jenès la kwè nan ou
12/10/2025

Félicitations Avocat Jean Fresly Jenès la kwè nan ou

Ekip Les gens du centre lan vle di yon gwo mèsi ak tout ekip   pou bèl inisyativ "Ench ap li" ke nap kontinye jwi chak a...
12/08/2025

Ekip Les gens du centre lan vle di yon gwo mèsi ak tout ekip pou bèl inisyativ "Ench ap li" ke nap kontinye jwi chak ane ak anpil lanmou.

Ane sa a, se yo te chwazi pou klotire aktivite a, sa ki te bay jèn yo opòtinite dekouvri komin nan, aprann sou richès li yo, epi pase yon bèl moman ansanm.

Yo te gen chans tou rankontre (Fédération des Associations de Femmes de Maïssade), ki ap mete an valè gou lakay ak pwodiksyon lokal tankou , , , , elatriye

Bèl aktivite sa a pa sèlman mete lekti an avan, men li ranfòse lyen sosyal epi ouvè lespri jèn yo sou divès reyalite kominote nou yo.

Bravo Festival des idées /

Nap swete kontinye wè plis inisyativ konsa ki mete jenès la sou bon wout 💙📖




Address

1932 Cologne Avenue
Mays Landing, NJ
08330

Opening Hours

Monday 9am - 5pm
Tuesday 9am - 5pm
Wednesday 9am - 5pm
Thursday 9am - 5pm
Friday 9am - 5pm
Saturday 9am - 5pm
Sunday 9am - 5pm

Telephone

+18094654724

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Les gens du centre posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share