09/15/2026
JÈN YO DWE GEN PLAS YO NAN POUVWA A
Apre plis pase yon deseni angajman nan lavi politik, jèn avoka William Livert anonse kandidati li pou pòs Depite Saint-Louis du Nord nan pwochen eleksyon yo.
Depi 2012, li di li rete angaje nan Pati Fizyon Sosyal Demokrat Ayisyen yo, yon chwa li prezante kòm yon konviksyon politik ki baze sou sosyal demokrasi.
Avèk fòmasyon nan dwa, administrasyon piblik ak politik, kandida a estime jèn yo pa dwe rete sèlman kòm spektatè nan lavi politik peyi a. Dapre li, nouvo jenerasyon an dwe patisipe dirèkteman nan desizyon k ap trase avni Ayiti.
Li mete aksan sou nesesite pou reprezantan pèp la konprann fonksyònman Leta, defann dwa sitwayen yo epi travay pou amelyore sèvis piblik yo.
Pou Saint-Louis du Nord, li di objektif li se pote vwa kominote a nan Palman an epi prepare yon agenda lejislatif ki pral prezante piblikman pou popilasyon an kapab evalye pwopozisyon li yo.
Kesyon an rete: èske jèn jenerasyon an pare pou pran plis plas nan pouvwa a, epi èske kandida sa a ap kapab konvenk elektè Saint-Louis du Nord yo?
Ayiti p ap peri!