Nouvèl CHO

Nouvèl CHO BIENVENUE SUR NOUVÈL CHO !

Lanmè li ye ak chalè sa!
08/10/2025

Lanmè li ye ak chalè sa!

08/07/2025

BBQ anonse yo pral antre nan Palè ak primati, Viv Ansanm mande pou pep la kite yo pase pa voye Roch ni Boutey sou kite yo al pran 9 volè yo ak PM lan.

08/04/2025
OU BRIZE KÈM – Epizòd 24Yon feyton pa Mr FS“Verite a pa toujou limyè… pafwa se dife.”Dominikani – Yon kay izole nan zòn ...
07/24/2025

OU BRIZE KÈM – Epizòd 24
Yon feyton pa Mr FS
“Verite a pa toujou limyè… pafwa se dife.”

Dominikani – Yon kay izole nan zòn Barahona.

Andrise ap gade tout sa k’ap fèt ak je kè plen. Lova, nèg ki parèt tankou yon lonbraj sòti nan tan pase a, mete yon laptop sou tab la. Li di:

— "Mwen pa gen anpil tan. Men ou gen dwa konnen kiyès ou ye vrèman."

Andrise, bouke ak demach, reponn:

— "Mwen se pitit manman m, papa m te mouri lontan… tout rès la se tòti!"

Lova souri.
Li montre l yon foto: Yon ti fi nan laboratwa.
Akote l, Hilarion, manman Andrise, ak yon jenn doktè… ki se Mika!

Andrise sezi:
— "Kisa Mika ap fè nan foto sa?"

Lova:
— "Paske Mika se sèl moun ki te opoze ak sa yo t'ap fè sou ou. Li te konnen tout bagay. Li te eseye sove ou… men li te deja twò ta. Ou te vin tounen sa yo rele: Pwodui Lab 7."

Andrise ret toudè.
— "Pwodui…?"

— "Yo te mete ou sou do pou fè eksperyans sou kapasite emosyonèl ak sikolojik moun ka sipòte soufrans. Ou te tounen eksperyans lan. Ou pa t fèt pou viv lanmou… yo t’ap teste kijan ou ka siviv san li."

Andrise mete men nan figi l.
— "Kidonk… Richley? Mika? Tout se eksperyans?"

Lova desann tèt li.
— "Men gen youn ki pa t dakò ak sa yo t’ap fè a."

Li louvri yon lòt fichye…

Se yon videyo.

Manman Andrise, k ap pale ak Hilarion:
— "Nou gentan ale twò lwen. Si pitit mwen mouri, m ap mete tout sa deyò!"

Hilarion:
— "Ou pa gen dwa! Ou siyen kontra a. Pitit ou se kado ou fè Leta!"

Andrise chita atè.
Kè l ap bat fò.
— "Manman m… vann mwen bay Leta?"

Lova mete men sou zepòl li.
— "Se pa ou sèl. Gen lòt tankou ou. Men ou se sèl ki sove."

Meanwhile, nan lopital la…

Mika retounen ap pale.
Jezi Blan bò kote l.
Mika di l:

— "Ou dwe di Andrise pou li pa tounen an Ayiti… yo pare l. Misyon li se revele sa ki fèt sou li."

Jezi Blan:
— "Men li pral sou wout la. Ou ka ba li mwayen defann tèt li?"

Mika louvri men l…
Li bay Jezi Blan yon USB.

— "Tout prèv yo la. Si li mete sa sou entènèt… li pa janm ka fèmen bouch li ankò."

Sou bò Hilarion, yo mete l nan yon zòn izole paske li kontinye ap fè deklarasyon ki twouble lòt prizonye yo.

Li ap chante san sispann:

“Phase 2 ap rive…
Nou gentan mete piyon yo sou tablo…
Pawòl yo te panse se damou… men se zam nou mete nan lespri yo…”

Yon ajan FBI ap gade l atravè vit la.
Li di:

— "Nèg sa pa fou. Li kache twòp bagay."

Yon lòt reponn:
— "Yo bezwen deklanche Phase 2 anvan Andrise pale…"

Andrise, nan mitan lari Barahona, resevwa yon mesaj sou telefòn li.

Li klike sou li…

Yon video Hilarion ap pale ak non manman li.

Mesaj la sispann…

Yon bal frape miray dèyè li.
Yo tire sou li!

Lova rele:
— "Kouri!"

Yo sove, san konnen kiyès ki sou pye yo.
Men andedan tout konfizyon an…

Andrise di:
— “Mwen pap kouri ankò. Mwen pral mete tout sa deyò.”

FEN EPIZÒD 24
🔥 Verite sou Andrise revele – li se "Pwodui Lab 7"
🧪 Mika te patisipe nan eksperyans sou li
🇩🇴 Lova ap eseye ede li mete verite a deyò
🎯 Yo kòmanse tire sou Andrise – men li refize kouri
🔌 Yon USB gen tout verite a – li dwe pataje li

Epizòd 25:
Eske Andrise ap jwenn chans mete verite a deyò anvan li redui o silans?
Kisa ki nan USB Mika a?
Kilès ki voye moun sa yo tire sou li?



✍🏽 Ekri ak pasyon pa Mr FS – Piga rate epizòd 25 la!

OU BRIZE KÈM – Epizòd 23Yon feyton pa Mr FS“Gen sekrè ki pa fèt pou moun viv ak yo, men gen verite ki ka resisite yon pè...
07/21/2025

OU BRIZE KÈM – Epizòd 23
Yon feyton pa Mr FS
“Gen sekrè ki pa fèt pou moun viv ak yo, men gen verite ki ka resisite yon pèp antye…”

Mika ap bat ak lanmò. Lòd, pip, aparèy, doktè ap kouri. Men lespwi l lwen...

Nan vizyon l, li wè tèt li timoun, l ap kouri nan lari Kafou, je l plen dlo. L tande vwa manman Andrise k ap rele l:
— "Mika! Pa kite fènwa vale ou… Ou gen misyon!”

Mika leve tèt li. L ouvè je l.
Li vivan. Men, doktè a di:
— "Li ka pa janm mache ankò..."

Andrise ap li lèt la.
Li pa ka kwè sa ki ladan l.
Yon non li pa janm tande… men ki konekte ak tout doulè li yo.

"Mwen se sèl moun ki ka di w poukisa Hilarion te kenbe ou vivan tout tan sa. Gen bagay manman ou pa janm di w. Si ou vle verite a… vin jwenn mwen. Solo Peyi, Dominikani. – L."

L? Ki moun sa ye?
Li gade Richley.

— "Ou konnen non sa?"

Richley leve je l dousman:
— "L?"
— "Si se sa m panse a… nou tout nan danje."

Meanwhile, nan prizon an…

Hilarion ap ri.
Li pa panse se prizon l ye. Li di:
— "M pa bezwen sòti. Yo pral vin chèche m… paske mwen pa sèl. Mwen se piyon nan yon echikye entènasyonal."

Yon mesaje antre. Li kite l yon dosye.
Yon sèl fraz sou premye paj la:

"Phase 2: Aktivasyon."

Lè sa… tout kò Hilarion tranble.

Sou bò Mika, Jezi Blan chita bò kote l.
Mika di:
— "Ou dwe di Andrise… li dwe pare. Misyon li pi gwo pase sa nou te kwè. Li pa sèlman viktim. Li se senbòl. Senbòl yon jenerasyon nou trayi…!"

Jezi Blan sezi.
Li di:
— "Sa vle di…?"

Mika respire fon:
— "Andrise… se pitit eksperyans lan. Yo pa t ap jis itilize li. Yo te kreye li."

Jezi Blan:
— "Kisa ou vle di, frè?"

Mika fèmen je l.
Fim je l koule.
Li pa reponn.

Andrise pran avyon pou Peyi Dominikani, san di pèsonn.

Li sòti nan ayewopò a, mete kaskèt, limen telefòn li pou li swiv kote GPS la mennen l.

Li tande yon vwa dèyè li:
— "Ou fè vit. Mwen panse ou t ap pè."

Li vire...

Yon jenn gason, abiye nòmal, ak je twoub, men ak yon je dwat ki klere tankou flanm dife.

— "Ou ka rele m Lova. Men ou te konn mwen kòm L."

Andrise sezi.
— "Ki sa ou konnen sou mwen?"

Lova mete men l sou lestomak li, souri.

— "Ou vle konnen poukisa ou pa janm mouri, menm anba trayizon? Ou vle konnen sa manman ou pa janm di w? Vin non. Se pa istwa pou lari."

Yo pran direksyon yon kote…
Men yo pa remake…
Yon dron ap swiv yo…

FEN EPIZÒD 23
🔥 Mika revele Andrise se plis pase viktim
🕵🏽‍♂️ Yon karaktè mistik parèt – Lova
🇩🇴 Andrise pran wout pou Dominikani
🚨 Hilarion resevwa dosye "PHASE 2"

Epizòd 24:
Ki sekrè Lova ap revele Andrise?
Èske "Phase 2" gen rapò ak sa Hilarion te kreye?
Èske se pa twò ta pou Mika?


✍🏽 Ekri pa Mr FS – Poko janm fini…

OU BRIZE KÈM – Epizòd 22Yon feyton pa Mr FS“Pa gen bal ki pi danjere pase sa ou mete nan kè moun.”Kout bal la frape Hila...
07/17/2025

OU BRIZE KÈM – Epizòd 22
Yon feyton pa Mr FS
“Pa gen bal ki pi danjere pase sa ou mete nan kè moun.”

Kout bal la frape Hilarion Desrosiers nan zepòl li. Li rele, li tonbe, men li pa mouri.

Se pa Andrise ki tire. Se pa Richley non plis.

Yon lòt vwa sòti nan dèyè pòt la:
— “Mwen te sèmante ou pa t ap mete men sou pitit mwen ankò.”

Se manman Andrise!
Yon fanm ki te disparèt depi lontan…
Tout moun te kwè li te mouri, men li t ap viv anba lòt non.

Li mete zam li sou do Hilarion:
— “Ou ka t ap fè lajan, mete mask... men mwen konnen sa ou te fè m pase. Men sa ou t ap fè pitit fi m… se pa la istwa a ap fini!”

Tèt Kòlonèl, ki te sipoze veye sekirite Andrise, sezi wè sa. Li t ap eseye vòlò lis non tout manm rezo a ki sou sèvè òganizasyon Hilarion an. Men Mika, ki t ap siveye l, parèt ak zam.

Mika di:
— "Ou panse nou t ap fè tout plan sa pou ou pran glwa a? Non, mesye. Sa se pou viktim yo.”

Tèt Kòlonèl eseye negosye:
— "Mwen ka ba w plis. Gen kontra. Gen misyon..."

Mika rale dosye yo, mete l sou cloud pou Andrise gen aksè.

Mika vire do bay Tèt Kòlonèl.

Men li pa t dwe fè sa.

Tèt Kòlonèl lonje kouto, frape Mika nan do.

Mika soufrans. Li desann sou jenou l.

Meanwhile, Andrise ak manman li ap chita sou do Hilarion. Richley ap rele sekou. Papa a ap senyen, men li ap ri.

— "Nou te tout jis zouti. Se mwen ki kreye nou. Ou pa ka detwi sa w sòti ladan l."

Andrise mete men li sou do manman li:
— "Ann kite jistis fè travay li... si li vrèman egziste."

Yo pa tire ankò. Yo kite lapolis mennen Hilarion. Menm si yo pa fin kwè l ap pran prizon vre.

Pandan sa, Mika sou kabann lopital. Lavi li pann sou fil. Jezi Blan, ki t ap kouri dèyè li, vin chita bò li.

Jezi Blan pran men Mika:
— "Ou sove plis moun ke ou mete anba tè, frè m. Petèt Bondye gen pitye pou w..."

Mika pale ak difikilte:
— "Di Andrise... li se sèl flanm limyè mwen te jwenn nan mitan fènwa sa."

Li fèmen je l…

Andrise, ki resevwa fichye ki soti sou sèvè a, tande tout non, tout konplisite, tout sistèm lan.

Epi li gade Richley, je l plen dlo:

— "Ou pa konnen… Mika se pa sèlman ansyen zanmi w… se te frè m nan san. Se manman m ki te pran l sou zepòl li lè fanmi l te masakre. Li te toujou pwoteje m, menm lè mwen rayi l…"

Richley pa ka pale. Li choke.
Li te konn Mika, men pa jan sa.

Fichye a pibliye.

Tout Ayiti tranble. Gwo non ap tonbe. Okenn pa kwè sa.

Men gen yon men ki rale fisèl anlè…
Yon "figi lòtbò dlo" ki pa vle anyen revele.
Yon mesaje voye ba Andrise yon lèt:

"Tout sa ou revele se tikal. Gen yon lòt nivo ou poko janm imajine. Si w kontinye fouye, se pa sèlman rezo a ki pral detwi w, men lemonn antye..."

FEN EPIZÒD 22
😱 Hilarion tonbe, men pa mouri
😢 Mika blese grav
💔 Andrise aprann verite sou frè li
🧨 Men sa ki pi rèd lan… se sa ki poko revele

Epizòd 23 pral leve kouvèti a sou mesaj misterye a, epi Mika ap fè dènye konfesyon l si li vivan toujou…


✍🏽 Ekri ak emosyon pa Mr FS

OU BRIZE KÈM – Epizòd 21Yon feyton pa Mr FS“Lè ou leve kont sistèm nan… se tout linivè ki pran w kòm lènmi.”Richley ak A...
07/16/2025

OU BRIZE KÈM – Epizòd 21
Yon feyton pa Mr FS
“Lè ou leve kont sistèm nan… se tout linivè ki pran w kòm lènmi.”

Richley ak Andrise koumanse mete plan sou pye. Yo chita ak Tèt Kòlonèl nan yon chanm an sekirite. Yo mete telefòn sou "airplane mode", fèmen kamera.

Tèt Kòlonèl di:
— “Li lè pou nou frape. Men nou dwe frape kote sa fè pi mal: lajan ak dosye.”

Andrise gade l:
— “Mwen vle nou frape papa mwen.”

Silans tonbe. Richley touse.

— “Sa w di la a… ou konprann sa vrèman?”

— “Mika kite m yon tras. Li montre kote Hilarion ap opere. Se anba mask yon òganizasyon charitab.”

Meanwhile…

Mika, ki gen kout bal sou zepòl li, ap kouri nan forè Ayiti. Li limen yon zam limyè pou mande sekou.

Men Jezi Blan toujou dèyè l. Li voye kout kouto, Mika paré.

— “Ou pa ka chape Mika. Ou trayi sèl moun ki te kwè nan ou!”

Mika rale zam li, men li pa tire. Jezi Blan ri:
— “Ou toujou gen kè twò mou…”

Mika foure kout pwen nan gòj li. Gwo goumen pete. Mika soufri, men li rive mete Jezi Blan atè.

Li mete zam sou fwon li… epi li deside pa tire.

— “Mwen pa tounen sa Tòtò te vle m ye a… Mwen chwazi lòt wout la.”

Mika mache lwen.

Tòtò, meanwhile, ap fè reyinyon ak Hilarion Desrosiers — papa Andrise a.

Yo toude abiye kostim nwa, nan yon villa prive.

Hilarion di:
— “Mika ap tounen. Men pitit fi mwen… li pi danjere pase sa mwen te panse.”

Tòtò bwè whisky:
— “Mwen deja mete 'tracker' sou Richley. Men ou gen tan pare si sa pibliye?”

— “Kèlkeswa sa yo fè, si verite a sòti… m ap boule tout Ayiti anvan.”

Andrise ak ekip la, avèk èd Tèt Kòlonèl, deside kraze serveur òganizasyon Hilarion lan. Yo mete wòb, yo pran plas envite.

Se yon gala charitab. Tout elit Peyi a la.

Mika parèt an vètyal, mete mask, li rantre kòm teknisyen. Men se lavi Andrise li vle sove.

Mika voye mesaj bay Richley:
— “Pa kite l soti poukont li. Gen bagay ou poko konnen. Pa kwè tout sa Tèt Kòlonèl di…”

Richley fache:
— “Ou deja trayi nou. Pa mete konfizyon.”

Men Mika gen rezon.

Paske Tèt Kòlonèl, an kachèt, ap pale ak yon lòt moun pa telefòn:
— “Yon fwa m gen lis la… m ap vann li bay CIA. M ap sòti ak paspo diplomatik. Peyi sa pap janm chanje.”

Andrise, ki antre nan chanm Hilarion a, sezi wè foto papa l ak li kòm ti bebe.

Hilarion soti nan lonbraj:
— “Pitit mwen…”

Andrise mete zam sou li:
— “Mwen se pitit pèp la, non ou pa la nan lis fanmi mwen ankò.”

Hilarion ri:
— “Ou pa ka tire san kraze tout sa ou ye. Ou soti nan mwen.”

Menm lè sa… Richley kouri antre:

— “ANDRISE! PA FÈ SA! MIKA TE GEN RAYI PAPA LI... MEN OU PA OBLIGE SWIV L!”

Yon bal tire.

Nou pa wè kiyès ki tire.

Yon figi tonbe atè.

FEN EPIZÒD 21
😱 Yon bal tire… men kiyès ki pran l?
🎭 Tèt Kòlonèl ap jwe doub jwèt
💔 Andrise fas a papa l: lanmou oswa jistis?

OU BRIZE KÈM – Epizòd 20Yon feyton pa Mr FS“Pafwa, moun ou ap chache sove a… se li ki kenbe kouto a sou kou ou.”Andrise ...
07/11/2025

OU BRIZE KÈM – Epizòd 20
Yon feyton pa Mr FS
“Pafwa, moun ou ap chache sove a… se li ki kenbe kouto a sou kou ou.”

Andrise toujou gen telefòn Mika a nan men li. Li ap gade videyo ki te koupe a. Li reyalize gen yon lòt fichye kache, men li mande kòd pou ouvri l.

Richley pwoche:
— “Se dat nesans Andrise… eseye sa.”

Li mete 14 avril 1997.

Fichye a louvri.

Nan videyo sa a, Mika ap pale ak je wouj, figi tris:

“Yo fè m antre FBI pa fo dokiman… men se Tòtò ki te voye m. Li t’ap fè menas sou fanmi mwen Ayiti. Se mwen ki mete kamera nan biwo Tèt Kòlonèl, se mwen ki lage kote Ajan Lopez t ap kache… Men Andrise… se pa t janm plan mwen pou l soufri. M te vle pwoteje li…”

“Richley, si ou renmen li vre… sove l. Paske pi gwo non sou lis sa a, se papa li.”

Andrise frape tèt li kont mi a.
— “Papa m? Ki papa?? Mika ap mete m pi konfonn toujou!”

Meanwhile… nan kachèt Tòtò Baz

Tòtò ap fimen sikar, li resevwa dosye. Yon jèn gad ap di:

— “Nou konfime Mika pa mouri. Li re-antre sou teritwa a. Gen rapò ki di li deja toupre kapital la.”

Tòtò kraze tèt gad la sou tab la:

— “Se mwen ki te elve l, li pa ka trayi mwen konsa. Si Mika vire kont mwen… mwen pa bezwen FBI pou elimine li. Mwen gen pi bon asasen pase sa!”

Li rele telefòn:

— “Chache Jezi Blan. Kite l fè travay li.”

Tèt Kòlonèl, ki kòmanse pèdi konfyans, rele zanmi li Washington:

— “Ou gen kopi lis la?”

Zanmi a reponn:

— “Mwen gen li sou kle USB. Men non ki pi cho sou lis la… se Hilarion Desrosiers — yon ansyen politisyen ki disparèt depi 15 lane… men ki toujou ap kontwole tout rezo zam, dwòg, ak dijital an kachèt.”

Tèt Kòlonèl pale pou li menm:
— “Hilarion Desrosiers… Se papa Andrise!”

Li kouche tèt li sou volan machin li. Lavi li ap woule devan je li.

Meanwhile…

Mika rive sou tè Ayiti. Li fouye nan tè anba yon pyebwa kote li te kache yon ti bwat metal. Li louvri l.

Anndan li: foto li ak yon nonm – Hilarion. Ak yon ti nòt ki di:

“Mika, pa janm kite sa mwen fè ou tounen sa yo fè mwen.”

Mika tande mouvman. Li fè bak. Yon bal pase sou zepòl li.

Jezi Blan parèt, ak zam long, je vid.

— “Tòtò voye salitasyon Mika…”

Mika pran kous, li blayi sou savann lan. Yon lit kòmanse.

Andrise, antretan, ap revize fichye Mika kite. Li jwen yon mesaj vwa li pa t wè.

Vwa Mika a di:

“Andrise, si ou rive tande sa… konnen ou se pi gwo limyè mwen te janm genyen. Papa w se pa sa ou panse li ye. Li se tèt rezo a… epi li se rezon ou toujou t ap viv anba menas. Tout moun ki t ap sove w… t ap chape anba l. Ou dwe chwazi: kouri, oubyen leve kanpe epi kraze tout sistèm nan.”

Andrise pran telefòn lan, li di Richley:

— “Mwen bouke kouri. Se pou mwen kraze l.”

Richley souri:
— “Alò nou de.”

FEN EPIZÒD 20
🔥 Mika retounen, men Tòtò mete asasen sou li
🧨 Tèt Kòlonèl dekouvri papa Andrise se pi gwo kriminèl lis FBI la
😱 Andrise mete tèt ansanm ak Richley pou kraze sistèm lan

OU BRIZE KÈM – Epizòd 19Yon feyton pa Mr FS“Gen trayizon ki pa fèt pou lajan… men pou pouvwa.”Tèt Kòlonèl ap mache nan l...
07/10/2025

OU BRIZE KÈM – Epizòd 19
Yon feyton pa Mr FS

“Gen trayizon ki pa fèt pou lajan… men pou pouvwa.”

Tèt Kòlonèl ap mache nan lakou kache l lan. Li pa menm santi chalè solèy la. L’ap repase dènye mo zanmi FBI li te di l:

“Youn nan zanmi w ap travay pou yo… Se li ki bay pozisyon ajan Lopez, e se li ki ap voye chak mouvman ou bay Tòtò Baz.”

Kè li bat fò. Je l fè won. Li sonje tout moun ki pre li… men li toujou refize kwè sa li panse:
Eske se Lamara… oswa Richley?

Andedan, Richley kòmanse sonje. Pati pa pati, tankou ti fim kase ki tounen frap frap. Li wè figi Tòtò Baz, li sonje yon valiz ak papye… epi li sonje Mika.

Li leve rapid, li balanse chèz la:

— “Mika te sèvi ak mwen! Se li ki te mete m nan sant rezo a… Men Tòtò te di li si li pa t fè sa, li t ap touye Andrise…”

Andrise koute ak dlo nan je. Li mete men sou bouch li:

— “Mika… te mete w kont volonte w. Men ki jan Tòtò te jwenn aksè a FBI? Gen moun kap kolabore avè l... Men kiyès?”

Meanwhile, nan yon lòt kote…

Tòtò Baz rasanble nèg li yo. Yo resevwa nouvèl: FBI gen yon lis ki gen tout non senatè, minis, ak biznismann ki patisipe nan "Operasyon Volkan" lan.

Li fache:

— “Lis sa pa dwe sòti. Nou gen yon sèl chans: elimine moun ki kenbe l la. Se Tèt Kòlonèl. Mete tout mwayen sou li. Li dwe mouri anvan li pale.”

Tèt Kòlonèl, antretan, rankontre yon lòt ajan FBI: Ajan Cyrus, yon blan Ameriken ak aksan ki pa chape l.

— “Nou konfime: moun ki trayi nou, se… yon moun ki te jwenn azil Ozetazini sou referans pa ou. Li te fè ou kwè li se viktim, men li t ap kolekte enfòmasyon depi premye jou.”

Tèt Kòlonèl leve tèt li, li di:

— “Bay mwen non li.”

Ajan an lonje yon dosye:
Foto: Mika.

Tèt Kòlonèl pa kwè je l. Li souke tèt li.
— “Mika m te leve tankou pitit mwen… Li te tankou fi mwen pa t genyen an… Li te renmen Andrise… li te viv lakay mwen!”



Men, pa twò lwen...

Mika vivan.
Li pa mouri jan yo te kwè. Li refijye sou yon bato, sou lanmè, e li ap pale ak yon moun pa telefòn satelit:

— “Yo gen lis la? Pa gen pwoblèm… M ap retounen. Men fwa sa, m ap fini sa m te kòmanse.”

Moun nan lòt bò a di:

— “Tout je sou w, Mika. Pa febli. Ou deja twò fon.”

Nan dènye minit epizòd la…

Andrise jwenn telefòn Mika nan valiz Richley a. Li ouvè li. Li jwenn yon videyo.

Videyo a montre Mika ap pale ak Richley, anvan tout bagay pete:

“Rich… Si ou wè sa, sa vle di mwen pa vivan. Tout sa m te fè, se te pou pwoteje Andrise. Men si li rive sou w… sove li, men pa janm mete konfyans ou nan…”

Videyo a koupe. Men ou tande bri pòt ki ap louvri nan videyo a.

Je Andrise agrandi. Li repete:

— “Pa mete konfyans ou nan… kiyès? Mika, poukisa ou pa fin pale???”

Aswiv…
🔍 Mika vivan… men kisa li planifye?
😳 Eske Richley toujou anba enfliyans li?
🎯 Tèt Kòlonèl ap vize… men kiyès k ap vize li tou?
💣 Epi… ki sa ki gen sou lis la ki tout moun pè?



✍🏽 Ekri pa Mr FS

Epizòd 19 ap revele ki yès ki tap trayi epi ki nèg ki gen lis senatè ki patisipe nan konplo a!Pa rate li!
07/09/2025

Epizòd 19 ap revele ki yès ki tap trayi epi ki nèg ki gen lis senatè ki patisipe nan konplo a!
Pa rate li!

OU BRIZE KÈM – Epizòd 18Yon feyton pa Mr FS“Gen moun ou panse ou konnen… jiskaske ou dekouvri verite sou yo.”Lamara fiks...
07/09/2025

OU BRIZE KÈM – Epizòd 18
Yon feyton pa Mr FS

“Gen moun ou panse ou konnen… jiskaske ou dekouvri verite sou yo.”

Lamara fiks je l sou kat FBI a li kenbe nan men li. Li santi frèt pase sou do l. Ki misyon FBI gen nan dosye sa? Ki sa ki fè yo ap veye li?

Andrise, toujou fèb, men pi alèt, ap gade papa l — Tèt Kòlonèl — ak plis dout pase konfyans.

— “Ou se papa m... men ou pa janm di m anyen sou sa w te ye, sou sa w ap fè… Poukisa FBI dèyè ou tou?”

Tèt Kòlonèl leve je l. Je li chaje ak fado.

— “FBI pa dèyè mwen… se m ap ede yo. Se mwen menm ki mete ajan ‘Maria Lopez’ sou misyon pou pwoteje w, Lamara. Men li dezobeyi, li te resevwa lòd dirèk pou elimine w nan dosye a. Sa vle di, gen yon infiltrasyon…”

Lamara:
— “Ou vle di gen yon ajan FBI k ap travay pou sistèm lan?”

— “Wi. Gen moun andedan ki vle tout verite a mouri ak Mika. Epi gen youn ki jwe doub jwèt: li di FBI li ak nou, men li ap vann enfòmasyon bay Tòtò Baz.”

Andrise tande non sa a: Tòtò Baz, li mete men sou lestomak li. Li gen frison.

— “Mwen sonje li… Li te vin chèche mwen yon swa. Li t ap fèmen bouch mwen… Richley t ap fè tout sa pou pwoteje m…”

Tèt Kòlonèl mennen Lamara ak Andrise nan yon ti chanm ki sekirite maksimòm. Li mete yon laptop sou tab la, ouvè yon dosye ak mo “Operation Volkan”.

Sou ekran an:
Videyo Mika ki ap pale ak yon moun pa kamera sekirite. Li di:

“Tòtò, se pa sa nou te dakò… Si FBI dekouvri tout sa, ou pèdi tout koneksyon ou ak senator yo… mwen pap al nan prizon pou ou.”

Andrise chita:
— “Donk se pa sèlman yon istwa lanmou… se yon rezo. Zam, lajan, moun ap vann lòt, menm rich moun ak politisyen ladan l…”

Tèt Kòlonèl gade yo serye:

— “Se pi gwo rezo trafik zam, vyolans, ak koripsyon ki janm egziste soti Ayiti rive Florid. Yo itilize jèn tankou Mika, Richley, epi menm ou, Andrise, kòm ‘kòb’ oswa ‘pyon’ nan jwèt sa…”



Yon lòt kote…

Tòtò Baz ap chita nan yon chanm ak limyè ba. Li ap pale ak yon vwa ki soti sou zoom.

Vwa a gen aksan blan. Se pa Ayisyen.

— “Nou bezwen elimine tout sa ki louvri bouch. Lamara dwe disparèt. Richley pa dwe janm sonje plis. FBI pa dwe gen okenn prèv sou ‘Operasyon Volkan’.”

Tòtò souri:

— “Ou ban m lajan, mwen ba w silans. Rete tann nouvèl mwen.”

Men li pa t konnen… yo t ap anrejistre li.



Nan fen epizòd la…

Tèt Kòlonèl resevwa yon apèl. Se yon zanmi li ki FBI.

— “Kòlèg nou an, ajan Lopez, mouri… Li pa t soti vivan nan batay lan. Epi ou bezwen konnen: youn nan zanmi w fè trayi ou.”

Kamera fiks sou figi Lamara…
Kè nou bat…

Èske Lamara se moun ki trayi yo?

Oubyen se Richley, ki poko sonje tout bagay?

Aswiv…
🔍Kiyès ki trayi Tèt Kòlonèl?
🧠 Richley ap sonje tout bagay — men èske se pa twò ta?
💣 FBI ap vini pou mete men, men gen nèg ki deja pare pou tire avan!



✍🏽 Ekri pa Mr FS

OU BRIZE KÈM – Epizòd 17Yon feyton pa Mr FSLè ou kwè ou fin konprann jwèt la…se lè sa l ap kòmanse pou de vre.Lamara fè ...
07/07/2025

OU BRIZE KÈM – Epizòd 17
Yon feyton pa Mr FS

Lè ou kwè ou fin konprann jwèt la…
se lè sa l ap kòmanse pou de vre.

Lamara fè tout moun tranble lè li pale de "moun anwo" ki t ap sèvi ak Mika kòm pion. Men li poko di non pèsonn.

Andrise kenbe tèt li. Li santi l fatige, men li vle konn tout laverite. Richley chita toupre li, ap chèche memwa li.

— "Mwen sonje… yon non. Se li ki te fè tout presyon sou mwen pou mwen pa rete bò kote w, Andrise…"

Andrise ap bat do l, vwa li chaje ak laperèz:

— "Ki non sa Richley? Pale non sa… tanpri!"

Richley frape tèt li. Li sonje… men li pè.

Lamara mete men sou zepòl li:

— "Li pa nesesè pou ou di li. Mwen deja verifye li sou telefòn Mika a. Se…"

TÒTÒ BAZ LA!
Li pa t sèlman yon nèg zam. Li te gen men l mete nan gwo konplo. Li gen koneksyon ak nèg politik Ayiti ki gen zam ak koneksyon entènasyonal.

Yon lòt kote…

Tòtò Baz ap flannen nan lakou li a, ak rad liks, kò l byen nouri. Li pale sou telefòn ak yon vwa lòtbò dlo:

— "Mika se fout echèk! Men nou gen plan B… Ou konnen Lamara tounen, wi? Nou p ap kite l pale. Ranje l."

Vwa lòt bò a:
— "Ok. Bwat lan deja sou wout. Lamara pap wè sa k ap vini…"

Nan lopital la…

Yon enfimyè (nou pa t janm wè li anvan) ap mache dousman bò koridò a. Li kenbe yon dosye, men nan dosye a… se pa papye ki gen ladan l, se zam silansè.

Lamara soti sal Richley la. Enfimyè a ap swiv li…

Men Lamara gen je dèyè tèt li. Li santi presyon an. Li tounen rapid.

— "Ou pa travay isit! Ki kote ou soti ak zam sa?"

Yo tonbe nan yon batay san pitié, men Lamara fè enfimyè a pèdi kontwòl. Zam la glise sou tè a. Lòt medam nan kouri, men li kite yon bagay pi red pase zam…

Yon kat ID ameriken ak non fo:

Maria Lopez – FBI Special Agent

Lamara sezi.

— "Ki sa sa vle di? Poukisa yon ajan FBI ap eseye touye m?"

Andrise soti, li wè kat la. Li pran l.

— "Si FBI ladann, sa vle di sa a pi gwo pase nou te kwè…"

Yon lòt kote…

Yon nèg soti nan fènwa, je l frèt. Se li yo voye pou mete Lamara sou kote si premye tantativ la echwe.

Men li pa t atann li ta kwaze ak… TÈT KÒLONÈL, yon nèg ki gen misyon se pwoteje Lamara, pa sèlman paske li se sòlda antrene, men paske...
..li se papa Andrise.



Aswiv…
🩸Kisa papa Andrise t ap kache?
🕵️‍♀️ Poukisa FBI ladann?
🎯 Ki plan Tòtò Baz genyen ankò?
🔥 E kiyès ki ap pèdi, kiyès ki ap sove?



✍🏽 Ekri pa Mr FS

Address

270 NW 96TH Street, FL, United States
Miami, FL
33150

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Nouvèl CHO posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Nouvèl CHO:

Share

Category