21/07/2025
🔴Senatè Antonio Chéramy, ke yo plis konnen sou non Don Kato, reaji apre deklarasyon Joverlein Moïse, pitit gason ansyen prezidan Jovenel Moïse.Joverlein te pale ak laprès sou dosye asasina papa li, kote li site non plizyè gwo figi li panse ki gen men nan zak la. Men, li te refize reponn kesyon jounalis “jean fils-Aimé ” ki te mande li sou posiblite Martine Moïse, bèlmè li, ta gen patisipasyon nan asasina a. Refiz sa a lakoz anpil reyaksyon, e Don Kato pa t rete silans sou sa.