01/29/2026
Mwen chita m’ap obsève yon mesye ki antre nan lopital la ak yon doulè k ap fann kò l an de.
Pyès moun pa okipe’l.
Pa gen prese.
Se tankou doulè l la pa t nan pwogram jounen an.
Li rive sou biwo a.
— “Tanpri… mwen pa santi m byen.”
Dam nan pa leve tèt li.
— “Kat?”
Mesye a lonje kat la.
Madan m gade l.
Li depoze l.
— “Tann.”
Mesye a chita.
Yon moun ap plenn.
Yon manman ap kriye.
Yon timoun ap respire fò.
Minit yo vin èdtan.
Chak èdtan ki pase, lavi yo chak vin pi riske.
Mesye a tounen sou biwo a.
— “Tanpri… mwen vin pi mal.”
Madan nan leve je l dousman, li di :
— “Tout moun malad.”
Fraz la frape m.
Wi.
Tout moun malad.
Men lavi tout moun pa an danje menm jan.
M gade tout sa k ap pase.
M wè moun ki gen kontak.
M wè moun ki konn yon moun kap travay nan lopital la.
Yo pase vit.
Yo pa tann pandan ka yo pa pi grav.
Li menm,
Li pa gen yon non ki ka louvri pòt,
Li pa gen lajan pou ki ka fè yo tande’l.
Li oblije ap soufri an silans.
Se la mwen konprann :
nan kèk lopital,
Yo pa trete moun selon gravite yo,
men selon kilès yo ye.
Finalman yo rele l.
Pa paske li te pi mal,
men paske li te vin twò trankil.
Doktè a gade l, li di :
— “Ou te ka mouri wi.”
Mesye a bay yon ti souri tou fèb.
— “M te konnen.”
Pi gwo pwoblèm nan lopital nou yo,
se pa mank medikaman ak materyèl sèlman.
Men tou se mank konsiderasyon pèsonèl medikal yo genyen pou lavi moun.
Maladi ki touye anpil moun nan lopital an Ayiti, se mank imanite.
✊🏾
✊🏾