09/09/2026
Lè Mwen Parèt Devan Jij Yo Di E-P De Gad You Free To Go
Mèsi, mèsiii mesi pou tout sa’w fè pou mwen
Mesi, mesi mesii Pou jan’w fè kè’m senyen
Mèsi, mèsi mesi Mwen pa regrèt anyen
Mèsi, Mèsi, Mèsi mèsiiii mèsiii (bis)
Vers |
Pafwa yon moun ap fè w mal an pansan ke
L’AP ANTERE’W
Pou tan without knowing se pou siksè
LAP ANTRENE W
Panse li se mèt latè pagen a pyès moun
Pou’l RANN KONT
Sa’w voye ale tounen e lè l’ap tounen’w
Pap RANN KONT
M’pral rakonte yon istwa de yon fanm
Mwen te RANKONTRE
Pou mwen te soti anba’l tout efò’m fè
Te SAN KONTE
Mwen pat gen dwa a soti se tankou Mwen
TE KONFINE
Mwen pat ka al me on Zanmi’m
Si avè’l M’pat KONFIME
Li pat ka rele’m San repons phone Mwen
Pat gen dwa DICHAJ
Li fè’m konnen si’m kite’l sa’l pral chaje’m
Se PA TI CHAJ
Figi’m make Bon tan pandan anndan’m
Se PA TI RAJ MEN
M’ap mande sak te pran’m pouki’m pat
Ret nan PATIRAJ MWEN
M’te di’l si’w bezwen’w Mari wap jwenn Men
Jamè yon ESKLAV
Pou legalize isit sa’w gen pou pase
SE GRAV
L’ap tronpe’w nan boul figi’w la’w oblije
Rete BOUCH BE
Plede BOUCHE nen’w pou’w bwè dlo Santi sa fò’m KOUPE L
Lòm pa bondye non o gran jamè devan’w mwen pap KOUBE
se premye mizik sou album Renesans lan
Kap soti Vandredi 11 Septanm nan
Ou ka Pre Order kounyea sou ITunes
Renesans by E-P
Album · 2026 · 12 Songs