13/07/2025
🔴 🔴
Plizyè santèn moun te manifeste kont Vis Prezidan J.D Vance, jounen 11 jiyè a, nan vil Anaheim🇺🇸 pandan li te an vakans ak fanmi li.
Manifestan yo te rasanble nan Resort Disneyland nan moman Vis Prezidan tap fè yon vizit nan vil la.
Jane Fleming Kleeb, Prezidant Pati demokrat Nebraska a fè konnen, objektif manifestasyon an se te pou montre sipò pou imigran yo epi denonse pozisyon yo konsidere kòm negatif Vance ak Trump genyen sou Kalifòni ak Disney.
“Pa gen vakans an fanmi pandan nou ap soufri ak separasyon fanmi,” se sa ki te ekri sou youn nan pankat yon manifestan, ki te dekore ak figi Vance.
Nan yon pòs sou X, Gouvènè Kalifòni an, Gavin Newsom, pataje yon videyo ki montre Vance ak fanmi li nan Disneyland, ak kòmantè sa a: “Espere ou ap jwi tan ak fanmi ou, . Fanmi ou ap kraze yo, yo menm, pa p janm ka fè sa”.
Komantè sa a fè referans ak operasyon ICE ap fè kont imigran san papye nan tout zòn Sid Kalifòni.
Sous: ABC7