12/14/2025
Sekirite : Nouvo DDO1 lan bay ton an
Nan premye diskou li kòm DDO1, responsab la salye travay komisè Dumond, li rekonèt efò ki deja fèt sou teren an epi li pwomèt pou l fè plis toujou, sitou nan mete materyèl adekwa a dispozisyon lapolis la pou ranfòse kapasite operasyonèl li.
Enspire pa prensip lapolis demokratik Robert Peel yo, komisè Ader mete aksan sou nesesite pou lapolis la fè yon sèl ak popilasyon an, kòm pi bon estrateji pou garanti sekirite ak retabli konfyans.
🗣 « Pap gen griyen dan nan sa. Tout nèg ki avèk nou dwe pwente fizi yo nan direksyon ènmi an », se mesaj klè nouvo DDO1 lan voye bay fòs yo.
Toutfwa, li pa kache difikilte yo : batay la konplike, gen trayizon, men li rete detèmine pou l fè sa ki nesesè pou amelyore kondisyon sekiritè yo nan jiridiksyon Pòtoprens, afin lavi reprann souf li epi pou peyi a ka gade yon demen miyò.
📌 CP / Enfo Sekirite