11/03/2025
AJ21 yon ekzanp vivan pou tout footbolè nan nò 🎓⚽
Jeff Alcimé , ke anpil moun konnen tou sou non AJ21 oswa Alcigòl, se pa sèlman yon gwo atakan, yon foutbòlè talan, men tou yon etidyan serye nan 2e ane Konstriksyon Bâtiman nan Fondation Vincent, Okap.
Apre yon sezon ekstraòdinè, kote li make prezans li ak pèfòmans remakab sou teren an, AJ21 repran chemen lekòl li lendi 27 oktòb 2025 la pou kontinye fòmasyon pwofesyonèl li.
Se yon bèl egzanp disiplin ak vizyon pou tout jèn k ap pratike espò. Li montre ke pasyon pou foutbòl ak edikasyon kapab mache men nan men.
Nou felisite AJ21 pou bèl atitid sa, epi n ap ankouraje tout jwè yo swiv menm chemen an : fè espò, men pa neglije edikasyon.
Mèt vil la
Bagay 9 Ofisyèl
Pierre Fredelyn Média
ADN TV
Guy Rold Bacchus
Joseph Danounoue Dania
Violette Vac
GP MÉDIA
Afline Pierre
Miroir Foot Ball Club De Pillatre
WA enfo
Cavaly A.S de Leogane
Legend society