09/11/2025
Anpil fwa, sa ki fè moun ezite pale de siksè yo, se pa paske yo pa fyè, men paske yo pè jalouzi k ap leve bò kote yo. E poutan, se yon bagay nòmal pou chak moun ta gen dwa eksprime fyète li, sitou lè reyalizasyon sa yo se rezilta anpil batay ak efò repete.
Lè w ap viv nan yon anviwònman kote moun pa kwè nan travay kontinyèl kòm sous siksè, se la difikilte yo konn kòmanse. Gen moun ki, olye yo mete kapasite yo an avan pou yo pwogrese, pito chèche soulaje ego yo nan eseye rabese lòt moun.
Se poutèt sa, pi bon chwa a se toujou kontinye mache ak tèt wo, menm lè rega lòt yo chaje ak malveyans. Paske, nan fen a, se pa janm jalouzi ki bati siksè, men se travay, detèminasyon ak konsistans.
“Lè ou kite limyè w briye, ou pa diminye pèsonn, ou montre lòt yo ke yo menm tou yo ka limen pa yo.”
shooting: Joseph Olando
editing: Orelon Gesner Pierre
Model: Orelon Gesner Pierre
studio: Zoom Graphiq