Haitian Star

Haitian Star Ifliyansè Haytien

Flash: Peyi Etazini atake Peyi Venezyela maten an vè 2è, plizye drone ak bonm lage nan Kapital la sitou zòn Ayopò prinsi...
01/03/2026

Flash: Peyi Etazini atake Peyi Venezyela maten an vè 2è, plizye drone ak bonm lage nan Kapital la sitou zòn Ayopò prinsipal la.
Anpil dega fèt, pou lemoman poko gen bilan.
Prezidan Trump anonse li kaptire Prezidan Maduro, li bay lòd pou anvayi Venezyela, gwo tansyon.
Nap raple premye Janvye a Prezidan Maduro te pale ak Popilasyon an, li te anonse li pap fe bak, si Etazini vle fe gè avel, li prè malgre li te anonse li prè pou kolabore ak Etazini kont katel dròg ki nan Peyia.

Prezidan Donald Trump bay lòd pou voye yon gwoup pòtavyon datak nan Karayib la, sa vle di yon gwo ogmantasyon bato de gè...
10/24/2025

Prezidan Donald Trump bay lòd pou voye yon gwoup pòtavyon datak nan Karayib la, sa vle di yon gwo ogmantasyon bato de gè nan rejyon an pandan Etazini ap atake swadizan bato k ap fè trafik dwòg epi ogmante presyon sou prezidan Venezyelyen an Nicolás Maduro.

Deplwaye yon pòtavyon se yon mouvman enpòtan pou Mezon Blanch, epi souvan li sijere operasyon militè sou pi gwo echèl.

Arive U.S.S. Gerald Ford, pòtavyon ki pi nouvo e ki pi avanse nan Marin nan soti nan Mediterane a, ansanm ak plizyè destriktè ak yon soumaren, pral ajoute nan sa ki deja pi gwo deplwaman naval nan mond lan.

Bato de gè yo pral ajoute nan 10,000 sòlda ak douzèn avyon de gè F-35 ke administrasyon an te voye nan rejyon an pandan plizyè semèn ki sot pase yo.

Mendel Toulumen libere sou kosyon aprè ke li depoze omwen 10% nan $17300 bond lan. Jij yo dakò poul retounen lakay li Ne...
10/23/2025

Mendel Toulumen libere sou kosyon aprè ke li depoze omwen 10% nan $17300 bond lan. Jij yo dakò poul retounen lakay li New York ak kondisyon poul remèt paspò li ak tribinal la, remèt nenpot tip de zam li ta genyen ak otorite yo. Pou kounya Mendel lage epi pou tann lot dat jijman yo.

Yn patnèm madanm misye mete GPS nan machin li an , li vin Kenbe misye 🙆🏽‍♂️😩🤏🏽🖖🏽
10/16/2025

Yn patnèm madanm misye mete GPS nan machin li an , li vin Kenbe misye 🙆🏽‍♂️😩🤏🏽🖖🏽

10/16/2025

NOU WÈ TRAVAY MENDEL AK PEP LA TOUT JOUNALIS PRAN KOU TOUT BLOGÈ PRAN
KOU

problèm pi rèd🙆🙆🙆!!!!2 cha blennde polisye peyi Kenya fè aksidan sou wout pèleren an, jodi dimanch 31 dawout 2025 lan. P...
09/01/2025

problèm pi rèd🙆🙆🙆!!!!2 cha blennde polisye peyi Kenya fè aksidan sou wout pèleren an, jodi dimanch 31 dawout 2025 lan. Plizyè moun ta blese epi m9uri selon enfòmasyon ki rive jwenn nou.
3 solda kenyan blese. 2 Chofe moto mouri
Se bilan pasyèl nan aksidan ki enplike 2 blende Kenya sou wout pèleren 9 la. Tcheke sou fanmi ak zanmi nou nan Pèlerin.Ala pèp pa gen chans

Aprè pasaj vivansanm nan delmas 30 anpil kay boule,  gwo tou nan mi yo, gang viv ansanm yo vòlè tout sa yo jwenn nan kay...
08/27/2025

Aprè pasaj vivansanm nan delmas 30 anpil kay boule, gwo tou nan mi yo, gang viv ansanm yo vòlè tout sa yo jwenn nan kay moun yo ,gen yon dam ki rantre lakay li selman yon grenn chèz ak yon diplòm pou pitit li jwenn

08/22/2025
Yon majistra Dominiken debake nan yon kay ki te chaje Ayisyen ke yo di ki tap fè seremoni vodou epi ale ak tout pou voye...
08/22/2025

Yon majistra Dominiken debake nan yon kay ki te chaje Ayisyen ke yo di ki tap fè seremoni vodou epi ale ak tout pou voye Ayiti. Majistra a fè konnen yo pa melanje ak bagay djab sou tè yo a, e yo di se Ayiti pou moun yo al fè bagay sa, pa nan peyi yo a.

Ensolit?. Plizye medya rapòte ke Putin te mache ak yon Bodyguard ak valiz pou kolekte poupou li si o ka li te bezwen fè ...
08/20/2025

Ensolit?. Plizye medya rapòte ke Putin te mache ak yon Bodyguard ak valiz pou kolekte poupou li si o ka li te bezwen fè bezwen li pandan rankont li ak Trump nan Alaska.

Mezi sa pran pou pat kite lidè Ris la poupou nan peyi Tonton Sam nan pou entèlijans Ameriken pat pran poupou li pou al analize pou pa wè eta sante li. Job sekirite sa se te kolekte bezwen lidè a epi tounen back avèl la Risi pou al jete.

Prezidan Trump resevwa Prezidan Ukraine nan Volodymyr Zelenskyy nan mezon blanch, pou premye fwa depi lè Zelenskyy te pa...
08/18/2025

Prezidan Trump resevwa Prezidan Ukraine nan Volodymyr Zelenskyy nan mezon blanch, pou premye fwa depi lè Zelenskyy te pase yon move moman nan mezon blanch jis yo te arive metel deyò nan mwa fevrier pase a:

Rankont sa fèt 3 jou aprè ke prezidan Ameriken an te rankontre Prezidan Ris la Vladimir Putin nan kad efò Trump ap fè pou mete fen nan gè 2 peyi yo. Zelenskyy mete kostim fwa sa tou nan rankont lan.

Ansyen senatè Moise Jean Charles deklare si nan jou yo la sitiyasyon politik la pa chanje li pral pran z@m pou l chanje ...
08/18/2025

Ansyen senatè Moise Jean Charles deklare si nan jou yo la sitiyasyon politik la pa chanje li pral pran z@m pou l chanje faz batay la. Li mande ak tout baz yo,tout katye yo leve kanpe epi tann modòd la lanse. Li fè deklarasyon sa yo nan yon rankont li te genyen ak patizan li yo nan delmas 47,jodi lendi 18 dawout 2025 lan.

Address

Miami, FL

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Haitian Star posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Haitian Star:

Share