10/03/2025
Samy &B Crew, non ki te pote souri pou 3.3 milyon moun sou TikTok, jodi a vin tounen yon senbòl trayizon.
DATUS MARKENDY, papa 5 timoun, te toujou montre tèt li kòm yon papa egzanplè, yon modèl ki renmen pitit li yo. Men, 29 septanm 2025, tout bagay chanje: polis nan Texas mete men sou li pou agresyon seksyèl sou pi gran pitit fi li.
Imaj fanmi pafè li te vann sou rezo yo vin kraze nèt. Sa fè nou wè klè: dèyè kamera yo, dèyè bèl souri yo, gen moun k ap viv yon reyalite ki plen doulè ak sekrè.
Se yon gwo rapèl pou nou tout: pa janm kwè rezo sosyal se verite. Paske moun ki pi parèt kòm “modèl” yo, pafwa se yo menm ki pote pi gwo malè lakay fanmi yo ak nan sosyete a.