09/11/2026
11 septanm 2026:
Ansyen depite komin Grann Salin, Joseph W Deshommes , poko wè klè sou fason pouvwa Alix Didier Fils-Aimé ap dirije a pral òganize eleksyon nan peyi a, sitou nan depatman Latibonit.
Daprè Deshommes, nan Balatibonit, se sèlman 2 komin kote moun ka sikile plizoumwen san twòp pwoblèm, pandan ame ak gwo zam kontinye anpwazonnen lòt zòn yo.
Malgre li deja anonse kandidati li pou pòs senatè Latibonit, Wilbert Deshommes kontinye kritike neglijans pouvwa a sou jesyon sekirite a nan zòn nan.
Pou li, ensekirite sa a pral yon gwo andikap pou òganizasyon eleksyon yo nan peyi a, depatman Latibonit an patikilye.
RADIO TELE Ekilib ,tèt klasman.