Comment et pourquoi? Haiti actualités.

Comment et pourquoi? Haiti actualités. Comment et pourquoi? Haiti actualités! C'est le top de l'actualités.. Alors abonnez-vous! Haiti actualité! Parce que nous aimons beaucoup les gens ...

C'est le top des actualités.. “faire du bruit pour empêcher de dormir ceux qui nous empêchent de rêver”
Visitez-nous� ici https://www.cphactualite.com/
Aujourd'hui, le peuple haïtien est l'otage d'une classe politique apatride contrôlée par l'international. Page Officielle de cphactualités( www.cphactualite.com ) Aimez ma Page et vous allez retrouver des photos, Vidéos, les actualités politiques, cinémas et toutes nos comédies.Alors abonnez-vous!

08/21/2025
⚖️Ayiti | Libération de Nenel CassyApre plizyè èdtan tande nan Parquet Pòtoprens, ansyen senatè Nip , Nenel Cassy, jwenn...
08/19/2025

⚖️Ayiti | Libération de Nenel Cassy

Apre plizyè èdtan tande nan Parquet Pòtoprens, ansyen senatè Nip , Nenel Cassy, jwenn liberasyon li jodi 19 out 2025. Li te entèpele pou lyen genyen ak gang ame yo. Liberasyon li fèt yon jou aprè nouvo direktè DCPJ a, Marc Justin, te remèt dosye a bay komisè gouvènman an, Frantz Monclair. Malgre sanksyon Etazini ak Kanada mete sou li, Cassy kontinye rete yon aktè politik ki soulve anpil deba nan peyi a.

08/19/2025
08/14/2025
08/14/2025
Otorite Dominiken yo te mete ansyen Majistra vil Akayè a, Rosemila Petit-Frère, anba kòd dimanch pase a, apre yo te jwen...
08/11/2025

Otorite Dominiken yo te mete ansyen Majistra vil Akayè a, Rosemila Petit-Frère, anba kòd dimanch pase a, apre yo te jwenn yon gwo kantite lajan sou li, san li pa t kapab bay eksplikasyon klè sou orijin lajan an.

Daprè enfòmasyon ki disponib, ansyen otorite lokal la, ki te byen aktif nan opozisyon kont ansyen Prezidan Jovenel Moïse, te pase nwit lan nan men lapolis anvan li te libere maten lendi 11 dawout 2025 lan, aprè entèvansyon legal.

📍 Sekirite | Sòlda FAD’H yo retounen Ayiti apre fòmasyon nan MatinikYon gwoup sòlda nan Fòs Ame d’Ayiti ( ) fèk retounen...
08/01/2025

📍 Sekirite | Sòlda FAD’H yo retounen Ayiti apre fòmasyon nan Matinik

Yon gwoup sòlda nan Fòs Ame d’Ayiti ( ) fèk retounen an Ayiti aprè yo te patisipe nan yon fòmasyon entansif ki dire 2 semèn ak 33yèm RIMa Fòs Ame Lafrans lan, nan zile Matinik 🇫🇷.

Fòmasyon sa a fèt nan kad yon kolaborasyon ant Lafrans ak Ayiti pou ranfòse kapasite operasyonèl FAD’H la, nan lide pou ede konbat gang ame yo ak amelyore sekirite sou tout teritwa nasyonal la.

Lafrans renouvle angajman li pou kontinye sipòte efò Ayiti ap fè pou retabli lòd ak sekirite.

📍 Tribinal Miami | Premye aparisyon Reginald Boulos sou dosye imigrasyonPlizyè sitwayen Ayisyen deja rasanble devan trib...
07/31/2025

📍 Tribinal Miami | Premye aparisyon Reginald Boulos sou dosye imigrasyon

Plizyè sitwayen Ayisyen deja rasanble devan tribinal imigrasyon Miami kote biznismann ak politisyen Ayisyen Reginald Boulos ap parèt pou premye fwa jodi a, sou dosye arestasyon li pa ICE.

Nan foul la, nou remake prezans komandan Rod Joseph ansanm ak plizyè lòt moun ki pote pannkat. Moun sa yo eksprime pozisyon yo kont posiblite pou Boulos ta depòte Ayiti. Genyen ki mande pou yo ta voye li nan El Salvador pito, pandan lòt swete otorite Ameriken yo kenbe li sou tèritwa Etazini.

Sa montre kijan dosye a ap soulve divès reyaksyon nan kominote Ayisyen an Ozetazini.

📍 Imigrasyon / Sekirite Entènasyonal : Etazini siyen akò pataj done biyometrik ak ChiliSekretè Sekirite Entèn Ameriken a...
07/31/2025

📍 Imigrasyon / Sekirite Entènasyonal : Etazini siyen akò pataj done biyometrik ak Chili

Sekretè Sekirite Entèn Ameriken an, Kristi Noem, anonse yon nouvo akò bilateral ak gouvènman Chili a pou amelyore kontwòl imigrasyon ak konbat rezo kriminèl transnasyonal yo.

Nan kad patenarya sa a, Etazini pral deplwaye teknoloji biyometrik (tankou anprent dwèt ak eskanè iris) pou ede Chili idantifye moun ki reprezante yon menas potansyèl.

Akò a, ki siyen pandan vizit ofisyèl Noem nan Chili, vize pataje enfòmasyon ant de peyi yo pou pouswiv kriminèl epi anpeche yo antre sou teritwa Ameriken.

Sa make yon pa enpòtan nan koperasyon sekirite rejyonal la, e mete aksan sou angajman Etazini pou pwoteje fontyè li yo pandan y ap sipòte peyi patnè yo.

Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) lanse yon avis de rechèch kont jounalis veteràn Guerrier Henri, apre li pa t re...
07/31/2025

Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) lanse yon avis de rechèch kont jounalis veteràn Guerrier Henri, apre li pa t reponn envitasyon otorite yo.

Selon DCPJ, yo reproche l plizyè zak grav, tankou:
- Afilyasyon ak kowalisyon ki konsidere kòm gwoup teworis
- Anrichisman ilisit
- Blanchiman lajan

Dosye a toujou sou etid epi plis detay ap suiv selon sa otorite yo fè konnen.

📍Dènye nouvèl : Yon gwoup Ayisyen ki gen estati TPS pote plent kont Administrasyon Donald TrumpPlizyè Ayisyen ki gen Est...
07/31/2025

📍Dènye nouvèl : Yon gwoup Ayisyen ki gen estati TPS pote plent kont Administrasyon Donald Trump

Plizyè Ayisyen ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) Ozetazini deside mete gouvènman Ameriken an anba plent legal, aprè desizyon administrasyon Trump lan pou mete fen nan pwogram nan.

Plent lan vize defann dwa kominote Ayisyèn nan ki benefisye TPS depi tranbleman tè 2010 la, e ki kontribye aktivman nan sosyete Ameriken an.

Pwosè sa a ta kapab gen gwo konsekans sou avni dè milye de fanmi imigran.

🚨🇺🇸 Dapre sa chèn televizyon CNN rapòte, administrasyon Prezidan Donald Trump lan pare pou detwi plis pase 9,7 milyon do...
07/30/2025

🚨🇺🇸 Dapre sa chèn televizyon CNN rapòte, administrasyon Prezidan Donald Trump lan pare pou detwi plis pase 9,7 milyon dola an metòd kontraseptif, olye pou yo distribye yo bay fanm atravè mond lan. Desizyon sa antre nan kad efò demantelman Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID).

Address

New City, NY

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Comment et pourquoi? Haiti actualités. posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share