02/09/2023
Jounalis, Jean Thony Lorthé, toujou nan men kidnapè gang Ti Makak. $200,000 se sòm yo mande kòm ranson pou liberasyon travayè laprès la akonpaye de (2) lòt moun. Prezidan Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH), Jacques Sampeur, mande pou lage jounalis la san kondisyon, li pwofite denonse laksis otorite yo devan deteryorasyon klima sekirite a.
Nap raplew, nan lannwit vandredi 3 fevriye 2023, jounalis Jean Thony Lorthé, ki nan Radio Vision2000, te kidnape, nan Laboule 12, pa bandi ak zam.