
10/12/2025
Jodia Ann pale de move enèji
Move enèji kapab pase nan touche oubyen menm nan lè (l’air) paske enèji se yon vibrasyon.
Lè w pran move enèji pa touche
1. Touche dirèk: Lè w manyen yon moun ki gen gwo chay emosyonèl (tristès, rayisab, jalouzi), enèji sa ka transfere sou ou, sitou si ou ouvè espirityèlman.
2. Objè oubyen bagay yo touche: Move enèji ka rete nan bijou, rad, mèb, telefòn, elatriye. Si w manyen yo, ou ka pran ti pati nan vibrasyon sa.
Lè w pran move enèji pa lè (l’air)
1. Vibrasyon nan espas: Chak kote gen frekans. Si yon espas chaje ak move panse, diskisyon, oubyen jalouzi, lè a vin lou, e w ka absòbe enèji sa lè w antre ladan.
2. Respirasyon: Lè w respire nan yon plas ki gen move vibrasyon (tankou kote moun ap plenyen, kriye, or fè rityèl negatif), kò ou pran enèji sa tou.
3. Sans espirityèl ou: Si w gen anpil sansiblite (tankou yon moun espirityèl or klèvoyan), w ka santi enèji yo menm san w pa manyen anyen.
Kijan pou pwoteje tèt ou
toujou pirifye tèt ou ,bazilik, sèl, dlo ,florida .
Fè beny pwoteksyon .
Ou ka Pote wòch pwoteksyon, tankou obsidian, tourmaline.
Limen balèn blan pou netwaye vibrasyon ‘w .
Priyè chak swa pou retire sa w ka pran pandan jounen an.
✍🏾✍🏾✍🏾:katemètrèsla abòne ak DS TV7