Ralphazi Promo

Ralphazi Promo Ici c'est Ralphazi Magazine, abonnez-vous 🔥🔥!! Merci

06/05/2025
FLORVIL HYPPOLITE Kiyès Li Te Ye?Anpil nan nou renmen Hyppolite paske se li ki sou pi gwo biyè nan peyi nou… men èske no...
06/05/2025

FLORVIL HYPPOLITE

Kiyès Li Te Ye?

Anpil nan nou renmen Hyppolite paske se li ki sou pi gwo biyè nan peyi nou… men èske nou konn istwa li???

Florvil Hyppolite se te yon Prezidan Ayisyen ki te dirije peyi a ant 1889 ak 1896. Li te fèt nan dat 16 mas 1828 e li te mouri 24 mas 1896 pandan li te toujou sou pouvwa a.

Li te sòti nan yon fanmi modès, men li te monte nan ranje lame a epi li vin tounen jeneral. Apre kriz politik ki te gen apre lanmò Prezidan Légitime, se Hyppolite ki te rive pran pouvwa a avèk sipò lame a ak kèk sektè politik.

Tankou anpil lidè nan epòk sa, li te gen bon bò li — li te fè efò pou mete lòd nan peyi a, bati kèk enfrastrikti, epi redrese ekonomi an. Yo di li te mete aksan sou devlopman agrikilti ak bati wout. Li te kòmanse mete fil elektrik ak telefòn ann Ayiti, e li te eseye mete plis disiplin nan administrasyon piblik la.

Men, li te konn sèvi ak fòs militè pou kenbe lòd, e li pa te tolere opozisyon. Gen moun ki wè l kòm yon lidè ki te fèm, men ki te vle pwogrè pou peyi a.

Li mouri sou chwal li pandan li t ap fè yon parad nan Nò peyi a — yo di li te atake pa yon kriz kadyak.

Biyè sa a te mete an sikilasyon depi 1999 pou make 250yèm anivèsè vil Pòtoprens. Sou bò devan an, li montre Florvil Hyppolite, ki te Prezidan Ayiti soti 1889 rive 1896. Sou bò dèyè a, ou ka wè Marché Vallière (yo rele l tou "Marché en Fer") ki chita nan kè Pòtoprens.

Biyè a gen koulè vyolèt, li fèt ak papye sekirite, e li gen plizyè eleman pou evite fo lajan, tankou:

Yon fil sekirite ki gen mo "1000 GOURDES" ladan l.

Yon watèmak ak figi Florvil Hyppolite.

Yon etwal ki chanje koulè lè w vire biyè a.

Teksti ki an soulaj pou moun ki pa wè byen ka idantifye valè a.

Jodi a, foto li sou bilye mil goud la, pi gwo papye lajan Ayiti, kòm yon senbòl istwa ak memwa nasyonal.

"Ann pa bliye kote nou sòti. Istwa nou se fòs nou!"
Ralphazi Promo
First
Luckson Saint-Vil Journaliste
Guy Wewe
RadioRalphazi PromoraFirst
BLuckson Saint-Vil Journalistee Guy WeweHRadio Television CaraibestiBanjlGroupe SogebankstBanque de l'Union Haïtienne UNIBANKHaitifypシ゚



Inbox Nou Pouw Retire Paw la.  ゚viralシ
05/13/2025

Inbox Nou Pouw Retire Paw la.

゚viralシ

Konbyen Pwen Ki Tcheke✅Pou ou?????Bad Sansasyn wi😬.Epi Pouw Nan Relasyn Ak Yon Gason Poul Pa Tretew tankou Yon ti bb😬😬😬😬...
03/14/2025

Konbyen Pwen Ki Tcheke✅Pou ou?????
Bad Sansasyn wi😬.
Epi Pouw Nan Relasyn Ak Yon Gason Poul Pa Tretew tankou Yon ti bb😬😬😬😬hm😌😌😌😌😌.
Se Chak Mwa wi,Chak Mwa m Diw,Sof si Wap Pote Yon bb.
Fanm Merite Plis Respè se pa Sèlmn Pou sa nn,men sa fè Youn toujou an Lèt Majiskil📌.




Hello Guys!! JOY SCHOOL ONLINE Vous Informe que la Nouvelle Session Graphique Design C'est pour Bientôt.Qu'attendez Vous...
02/07/2025

Hello Guys!!
JOY SCHOOL ONLINE Vous Informe que la Nouvelle Session Graphique Design C'est pour Bientôt.
Qu'attendez Vous Pour Nous Contacter sur le 4246-9061 Par WhatsApp.
Nap Tann Ou Menm Jèn Fi,Jèn Gason,Adilt, Ki vle Mete Bagaj nan Tèt ou Pouw fè Kòb Mete nan Pòch ou.
Kote ke Wap Aprann Fè: Flyers,Logo,Cover Music,Poster, Invitation Card,etc...
Pa Rate Sesyon sa Mes Amours,Rele nou Oubyen Ekri Nou Sou WhatsApp nan 4246-9061.
Frais de Participation 1000 Gourdes.

02/03/2025

Pa pase Sanw pa Gade Videyo sa,son Trè Bèl Egzanp.
Dèfwa Li Pi Bon Lèw Montre Moun nan Aprann Peche Pwòp Pwasonl.Pa Bliye Abone,Pataje.







💖 LANMOU SE PI BÈL BAGAY 💖Lanmou se limyè kè nou, lanmou se fòs ki fè nou viv! 💫 Lè w renmen, ou santi w ap vole, ou san...
02/02/2025

💖 LANMOU SE PI BÈL BAGAY 💖

Lanmou se limyè kè nou, lanmou se fòs ki fè nou viv! 💫 Lè w renmen, ou santi w ap vole, ou santi w pi fò, pi vivan! ❤️ Lanmou pa chèche lajan, lanmou pa chèche bèl figi… Lanmou chèche yon kè ki sensè, yon kè ki vrè! 🥰

Lè ou jwenn yon moun ki vrèman renmen w, pa janm neglije l, pa janm kite l ale! 🌹 Fè l santi li enpòtan chak jou, paske lanmou se pi bèl kado lavi ka ba nou. 💍✨

Si w dakò ak sa, mete yon 💖 epi PATAJE pou plis moun ka santi lanmou jodia! 🔥🔥🔥

💞

Ralphazi Promo

Sèpan an mòde poul la, epi pwazon cho a gaye nan kò li. Kap chèche yon kote pou refijye, li rale kò l jouk li rive nan k...
01/25/2025

Sèpan an mòde poul la, epi pwazon cho a gaye nan kò li. Kap chèche yon kote pou refijye, li rale kò l jouk li rive nan kay poul yo.

Men lòt poul yo, pè ke pwazon an te ka kontamine yo, deside chase l.

Koube anba doulè, ak kè l fè mal, li kite kay la. Li t ap kriye, non pa paske mòde a te fè l mal, men paske fanmi li abandone l ak rejte l, menm nan moman kote li te gen plis bezwen yo.

Konsa, li pati… Ak lafyèv, mache chavire, trennen yon pye blese, vilnerab anba frèt glase lannuit.
Chak pa li fè, yon dlo koule nan je l.

Soti nan kay poul yo, ansyen konpay li yo t ap gade l ale, jouk li tounen yon lonbraj byen lwen. Kèk nan yo te di:

— Kite l ale... Li pral mouri byen lwen nou.

Epi lè silwèt poul la te disparèt nan orizon an, yo te fin konvenki li mouri.
Genyen ki leve tèt yo, ap veye si gen zòtolan nan syèl la.

Tan pase.

Yon ti zwazo kolibri rive frape nan kay poul yo ak yon nouvèl inatandi:

— Sè nou an vivan! Li jwenn refij nan yon kavo byen lwen isit.
Li siviv, men mòde a kite l enfim. Li pèdi yon pye epi li ap lite pou jwenn manje. Li bezwen èd nou.

Yon gwo silans tonbe. Apre sa, eskiz yo kòmanse tonbe youn apre lòt:

— Mwen pa ka, m dwe kouvè ze mwen yo...
— Mwen pa ka, m ap chèche mayi...
— Mwen pa ka, m dwe veye sou ti pitit mwen yo...

Konsa, youn pa youn, yo tout refize. Kolibri a pati, ak zèl li ki te vin lou, tounen nan kavo a.

Tan pase ankò.

Kolibri a tounen yon dènye fwa, men fwa sa a ak yon nouvèl tris:

— Sè nou an mouri... Li mouri pou kont li nan kavo a. Pa gen pèsonn pou antere li, ni pou kriye sou kò li.

Yon gwo silans kouvri kay poul yo, epi yon kontèt ranpli ak chagren ak regrè te vin pran plas la.

Sak t ap kouvè ze yo sispann.
Sak t ap chèche mayi kite grenn yo tonbe.
Sak t ap veye sou pitit yo pèdi panse yo.

Regrè a te pi lou pase nenpòt pwazon. Yo te mande tèt yo:
Poukisa nou pa te ale pi bonè? Poukisa nou te ret tann?

San yo pa t pran swen distans lan ni doulè a, yo tout kite ansanm, ap kriye ak plenyen. Yo te finalman gen yon rezon pou ale... men li te twò ta.

Lè yo rive nan kavo a, yo pa jwenn poul la. Yo sèlman jwenn yon lèt ki te rete kòm yon dènye orevwa. Lèt la te di:

«Nan lavi sa a, anpil moun p ap janm travèse yon lari pou ede w pandan w vivan, men y ap fè kilomèt pou vin antere w lè w mouri.
Epi sonje sa: pifò dlo ki koule nan antèman yo se pa dlo chagren, men dlo regrè ak remò.»


́







Récemment, Florence El Luche, chanteuse haïtienne et membre de l'émission "Love & Hip Hop: Miami" diffusée sur VH1, a su...
01/24/2025

Récemment, Florence El Luche, chanteuse haïtienne et membre de l'émission "Love & Hip Hop: Miami" diffusée sur VH1, a suscité une vive controverse suite à des commentaires perçus comme coloristes lors d'une altercation avec la chanteuse dominicaine Amara La Negra. L'incident s'est produit lors d'un événement sur l'autonomisation des femmes, où Amara a critiqué Florence pour la promotion de produits éclaircissants dans sa ligne de soins de la peau. La discussion s'est envenimée, Florence lançant des remarques offensantes sur la couleur de peau d'Amara.

Cette altercation a rapidement circulé sur les réseaux sociaux, entraînant une vague d'indignation. De nombreux fans ont appelé VH1 à prendre des mesures, certains demandant même l'annulation de la participation de Florence à l'émission. Face à la pression croissante, Florence a présenté des excuses publiques, affirmant que le clip viral ne reflétait pas l'intégralité de la situation.

Cet incident a ravivé le débat sur le colorisme au sein de la communauté noire, soulignant l'importance de promouvoir des standards de beauté inclusifs et de déconstruire les stéréotypes nuisibles.

Florence El Luche
Sirèt
Placez Votre Commande sur le www.siretskin.com🥰🥰🔥🔥👇👇🏻👇🏼👇🏽.




Pa Neglije Kontakte Nou 🔥🔥Ou pap Regrèt 👍🏽!!!!!
01/13/2025

Pa Neglije Kontakte Nou 🔥🔥
Ou pap Regrèt 👍🏽!!!!!

12/30/2024

Kote Moun ki Kwè ke Ane 2025 sa se Ane Pa Yo Oh Nom De "JÉSUS"🙌🏽🔥🙌🏽🔥🙌🏽.
Patajel🙌🏽🔥
Abone🙌🏽🔥









Vin Aprann
12/30/2024

Vin Aprann

Komanse nouvo ane ak nouvèl konesans
Pa rate okazyon an.....
Kouri asire plas paw la...

Address

New York, NY

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Ralphazi Promo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share