09/15/2026
🔴 Ariana anonse li deja rive nan vil Ekaterinbourg, nan peyi Larisi, kote lap patisipe nan Festival Entènasyonal Jèn yo. Pandan evènman sa, Ariana te asiste diskou Prezidan Ris la, Vladimir Poutine, te bay devan tout patisipan ki te prezan yo.
Ariana deklare:
"Yo annik di Vladimir Poutine, pèp ris la rele anmwe, tèlman yo renmenl epi respektel. Se kòmsi pèp Ris la vle fou pou Poutine. Lè Poutine ap pale, tout moun fè silans. Mwen santim gen yon ti jalouzi nan kèm, paskem santi fòk Ayiti ta gen yon prezidan konsa tou. Lè yo site nonl, pou tout pèp la kontan epi fyè de li. Si nou pa vann vòt nou yo pou 100 mil goud, nap kapab renmen pwochen prezidan nou an menm jan ak pèp Ris la Poutine epi rele anmwe pou li tou.”