10/15/2025
Jodi mèkredi 15 oktòb 2025 sa a, make twazyèm anivèsè lanmò trajik chantè Michael Benjamin, ke yo konnen sou non Mikaben, ki te mouri akoz yon kriz kadyak pandan l t ap jwe sou sèn nan Accor Arena an Frans, pandan yon konsè ak gwoup mizik Carimi a. Pou kontinye onore memwa li, fanmi li pral òganize, jan yo fè sa chak ane depi twa dènye ane yo, konsè omaj abityèl yo an non Rezilyans, jedi 16 oktòb, nan Plas Boyer, Pétion-Ville. Aktivite a gratis epi l ap kòmanse a 6è nan aswè, avèk patisipasyon atis tankou Lionel Benjamin, Steve Khé, Manzè Lòlò, Zoey Dollaz, Leila Chicot, Cisco ak Stanley Georges.
Mikaben
゚viralシfypシ゚viralシal
Haitianhit Haiti