11/21/2025
Nou tande mesye
🚨Sezisman: Otorite Ameriken yo devye yon gwo konplo ki tap fèt sou tèt La Gonaves, ki abouti ak arestasyon 2 Ameriken nan Texas, Etazini:
2 jèn gason Ameriken nan Texas jwenn arestasyon yo aprè ke yo ta jwenn yo ap fè gwo konplo pou yo al anvayi la Gonaves, Ayiti. Plan yo se te pou touye tout gason yo epi fè medam ak timoun yo tounen esklav seksyèl yo, dapre biwo pwokirè nan distri lès Texas.
Gavin Rivers Weisenburg, 21 lane, ki rete Allen, ak Tanner Christopher Thomas, 20 lane, ki rete Argyle, akize pa yon gran jiri sou akizasyon konplo pou asasina, domaje, oswa kidnape nan yon peyi etranje ak pwodiksyon pònografi timoun.
Soti Jiyè 2024 rive Me 2025, sispèk yo te pran kou kreyòl pou prepare pou envazyon sa.
Nan dat 5 Out 2024, Weisenburg te enskri nan North Texas Fire Academy nan Rockwall. Nan yon efò pou jwenn fòmasyon kap itil yo pou konplo a.
Nan dat 7 Janvye 2025, Thomas te antre nan Fòs Aeryen Ameriken an. Dokiman yo di li te gen entansyon itilize fòmasyon militè li pou ranvèse zile a.
Nan dat 8 Fevriye 2025, Weisenburg te echwe nan fòmasyon ponpye a.
Nan dat 20 fevriye 2025, Weisenburg te achte tikè pou Thailand, pou al enskri nan yon kou navigasyon pou preparel poul ka navige pou lè yo prale la Gonâve. Akizasyon yo di yon fwa li te rive Thailand, li pa janm enskri akòz pri kou a.
Nan dat 14 mas 2025, Thomas te reyisi chanje plasman li nan Fòs Ayeryen an soti nan yon baz nan Almay pou ale nan youn nan Maryland. Akizasyon an di sa te fèt pou l te rete Ozetazini pou kontinye planifye envazyon a epi pou l te eseye rekrite homeless (moun ki san kay) nan zòn Washington, D.C. pou al edel.
Sispèk yo akize de eseye rekrite lòt moun pou ede ak koudeta sou entènèt ak an pèsòn nan divès dat soti Out 2024 rive Me 2025.
Pou kounya tou 2 fè fas ak prizon avi nan prizon federal si yo kondane yo pou “konplo pou komèt asas1na nan yon peyi etranje.”
Tour du monde ́tatsUnis