06/29/2025
Nan dat ki te samdi 28 juin 2025 lan nan vil okap poun presize labadi gen yon gwoup etidyan ki trouve yo nan UNAF (Université Anténor Firmin)ki tap fè yon aktivite sou plaj Cadras la e pandan yap tounen lanmè a te kòmanse ajite enkyetid etidyan yo aprè dlo te kòmanse antre nan ti kannòt ke yo te ye a te pèmèt ke yo kanpe yon lòt vag vin frape ak fòs pèmèt ke kannòt la rive fè nofraj swit a ekilib li pèdi akoz yo te kanpe a selon deklarasyon kèk moun nan labadi.
Gen enfòmasyon ki ta vle fè kwè ke te gen 27 moun nan ti kannòt la koz plizyè mò ak moun ke yo poko wè, men selon kèk sous nou ka konfye te gen anviron 20 moun nan ti kannòt la kote 9 pami yo se te etidyan UNAF te gen anviron 4 ki te envite nan joune a, e rès moun yo se te moun zòn labadi. Pami yo gen yon viktim de mò ki se youn nan envite yo.
Selon Doktè Turene Calil ki se Direktè lopital Justinien an ki trouve li nan vil okap fè konnen te gen 8 viktim ki te rive nan lopital la pami yo youn ki te rive “en état de mort cérébral” e li se inik moun ki te rive pèdi lavi li lòt 7 yo te pwan bon jan swen e rantre lakay yo.
Men pou jodia ki se dimanch 29 la pa gen youn nan yo ki rete nan espas lopital la.
Média Pam.