Point 509

Point 509 Point509 se yon platfòm medya dijital ki angaje l pou enfòme, valorize kominote yo epi pataje nouvèl ki fyab.

Objektif li se mete an limyè evènman, kilti, devlopman ak reyalite k ap fèt ann Ayiti, avèk yon apwòch pwofesyonèl ak responsab.

07/21/2026

Imaj sa yo pa fèt pou yo pataje sou rezo sosyal yo, mezanmi! 🤦

Bòn fèt, Jounalis   🎂🎉Nou pwofite okazyon sa a pou nou felisite w pou bon travay, devouman ak angajman w nan domèn jouna...
07/21/2026

Bòn fèt, Jounalis 🎂🎉

Nou pwofite okazyon sa a pou nou felisite w pou bon travay, devouman ak angajman w nan domèn jounalis la. Kontinye sou menm lanse a, pa dekouraje, paske efò w yo apresye e nou fyè de ou bro!! 👏🏾💪🏾


07/21/2026

Nou wè nan sa Dame-Marie tonbe mezanmi! 😂😂😂

Komite 250èm k'ap fe koze.....

📸 Chak foto nou pataje gen yon istwa, e se nou menm k ap fè istwa sa a viv.Lè   pataje bèl imaj komin Dame-Marie, se pa ...
07/18/2026

📸 Chak foto nou pataje gen yon istwa, e se nou menm k ap fè istwa sa a viv.

Lè pataje bèl imaj komin Dame-Marie, se pa sèlman pou montre peyizaj la, men tou pou pèmèt tout moun admire richès ak bote natirèl komin nan.

Men rezilta yo pale pou kont yo: plizyè milye moun gade foto yo, dè santèn reyaji, epi anpil lòt medya kontinye pataje yo. Sa montre travay la gen anpil moun ki renmen l epi apresye bote Dame-Marie.

Mèsi ak tout moun k ap swiv paj , ki renmen, kòmante, epi pataje piblikasyon nou yo. Sipò nou ankouraje nou kontinye fè pwomosyon pou komin nou ak depatman Grandans lan.

📍La Nou Wouslin nan Komin Dame Marie — Yon dat ki make memwa nouJodi a, n ap retounen sou yon moman kite make anpil moun...
07/18/2026

📍La Nou Wouslin nan Komin Dame Marie — Yon dat ki make memwa nou

Jodi a, n ap retounen sou yon moman kite make anpil moun. La Nou Wouslin, yon jou ki rete vivan nan memwa popilasyon an nan Evènman sa a kontinye raple nou enpòtans listwa nou, solidarite nou ak rezilyans kominote a.

Rete konekte ak pou plis enfòmasyon, ak analiz ak lòt rapèl sou evènman ki make listwa komin Dame-Marie.

07/15/2026

Mezanmi gadon fanatik Argentine djab

🇭🇹 Dame-Marie, yon fyète pou depatman Grandans.
07/15/2026

🇭🇹 Dame-Marie, yon fyète pou depatman Grandans.

Men kèk ti detay sou Place Dumas, Jérémie, wap gade la a.Place Dumas sitiye nan sant vil Jérémie, kapital depatman Grand...
07/15/2026

Men kèk ti detay sou Place Dumas, Jérémie, wap gade la a.

Place Dumas sitiye nan sant vil Jérémie, kapital depatman Grand'Anse. Li se youn nan plas piblik ki pi senbolik nan vil la, kote anpil aktivite sosyal ak kiltirèl fèt. Toupre li ou jwenn gwo Katedral Saint-Louis, ansanm ak plizyè moniman ak sit istorik.

Jérémie rele "La Cité des Poètes" (Vil Powèt yo) paske li bay Ayiti anpil gwo ekriven ak powèt, tankou Émile Roumer, Etzer Vilaire, Jean-Fernand Brierre, epi se la tou Thomas-Alexandre Dumas, papa ekriven fransè Alexandre Dumas, te fèt. Se poutèt sa, Place Dumas se yon senbòl eritaj literè ak kiltirèl vil la.

07/13/2026

Ann gade ansanm kijan komin Dame-Marie leve pou maten an.

Depi premye limyè jounen an, komin Dame-Marie, nan depatman Grandans, ap reveye nan kalm ak aktivite abityèl li yo. Abitan yo deja pran lari pou va okipe travay yo, pandan machann yo ap prepare pwodui yo pou resevwa kliyan.

Sou diferan wout yo, sikilasyon an ap fèt nòmalman, tandiske pechè ak kiltivatè yo kontinye aktivite yo ki fè pati lavi chak jou nan komin nan. Atmosfè maten an reflete dinamis ak detèminasyon popilasyon an k ap kontinye mennen lavi a malgre tout defi yo.

Se te yon kout je sou kòmansman jounen an nan komin Dame-Marie. Kontinye suiv Point509 pou plis nouvèl ak enfòmasyon sou sa k ap pase atravè peyi a.

Grand Ouvèti Lopital Saint Camille nan Jérémie.Yon nouvo etap enpòtan franchi nan domèn lasante nan depatman Grandans. L...
07/12/2026

Grand Ouvèti Lopital Saint Camille nan Jérémie.

Yon nouvo etap enpòtan franchi nan domèn lasante nan depatman Grandans. Lopital Saint Camille ouvri ofisyèlman pòt li nan zòn Peligre, ant lokalite Rochas ak Kalas, nan komin Jérémie.

Nouvo lopital sa a vini ak objektif pou amelyore aksè popilasyon an ak sèvis swen sante, pandan l ap ofri pi bon kalite sèvis medikal pou rezidan Jérémie ak zòn ki toupre yo.

Nou swete tout ekip Lopital Saint Camille anpil siksè nan misyon yo pou sèvi kominote a epi kontribye nan amelyorasyon sistèm lasante nan rejyon an.

Address

New York, NY

Telephone

+50933205765

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Point 509 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Point 509:

Shortcuts

Share

Category