01/07/2026
❤️Èskew te konnen, Pasteur Garry St-Hubert chanje restoran li an sal a manje pou ti moun la ri yo vin manje?
Vin aprann de Pastè Garry St-Hubert,
An 2008 pastè Garry ouvè yon restoran nan dèlma 32, yon restoran kominotè, kote li tap vann plat manje yo a ba pri yon fanson pou tout moun te ka achte yon plat, restoran tap mache byen, trè byen, tout moun nan 32 ti moun kou granmoun se la yo vin manje, paske manje pat chè, e li te bay chak moun ki achte yon bwason, men gen yon bagay ki pwal pase. Kisa ki pase?
Yon jou restoran fè manje oken moun pa vini achte tout manje yo rete, pastè Garry di dil Pap jete manje yo, li pap vann moun yo manje dòmi, epi pastè a peye yon moun pou ale chache ti moun ki nan ri yo pou bay yo manje, ti moun yo débake an mas, se la gen Yon koub ki pwal fèt, restoran pwal chanje li Pap restoran ankò, men lap vin kay pou ti moun yo manje. Kisak pase?
Pastè Garry pran plezi nan ti moun yo ki tap manje, fason li wè ti moun tap manje touche kèl, li wè se chak jou poul ta ba yo manje, li fèmen restoran kounyeya li peye moun fè manje pou ti moun yo chak jou, men toujou nan menm espas restoran, depil fè midi pil ti moun yo debake yo vini manje, bwè
Ti moun yo kounyeya vin pa vle ale lè yo fin manje, yo kouche anba tab yo dòmi pran yo, lè yo mande pou yo ale yo tonbe kriye, yo pa gen kote pou yo ale, se sou bout mi, nan vye machin nap dòmi...
Pastè Garry kòmanse pran dra madanm li sanl pa konnen poul bay ti moun yo dòmi nan espas restoran paske ti moun yo pa vle ale lè yo fin manje, Garry Oblije pran enpe nan yo paske yo te anpil li patka pran tout yon sèl kou, tanzantan li pran kèk grenn aprè li fin anfèmen kay mete yo nan lane 2009...Li mennen tout lopital pou konnen eta sante yo, avan li voye yo lekòl, poul konen Kijan li dwe jere ti moun yo... Kounyeya espas restoran vin gen mwens ti moun, malgre sa rès ti moun yo te konn toujou vin manje depil fè midi
Pastè a pran 30 ti moun le voye yo lekòl, li pale yo de BONDYE chak jou, lap eseye drese ti moun yo, jwe avèk yo, fè yo konnen yo se moun menmjan avèk tout moun, monte moral yo
Nan lane 2010 pastè a pwal konstwi: École Chrétienne du Succès, Église Destiny Canaan 3C, legliz sa ki toujou an konstwiksyon nan Kanaran, yon lekòl pou yo avèk tout legliz yo, yon fanson pou ka fòme yo pi byen, lekòl sa tou pwal sèvi tout kominote a, li pwofite ede Sila yo ki pi fèb yo nan zòn nan
Jou ap pase, ane ap pase, ti moun yo ap grandi
Genyen ki vini predikatè levanjil, gen mekanisyen, genyen ki nan inivèsite etazini kp aprann, genyen ki marye, ki gen pitit, genyen kap fè menm travay la tou: retire ti moun nan la ri, genyen pastè a bay Kay, gen ki gen moto, machin, jodi a yo se gwo bòs...Yo toujou ap remèsye pastè Garry
Genyen nan ki te ka gwo bandi nan yo, chak fwa yon moun retire yon ti moun nan la ri a se yon vi ou sove, frè Luckson ap fè yon gwo, gwo travay nan peyi a
Menmjan gen frè Luckson, fr Mackenson gen pastè Garry tou sèlmn li pa fè pal la menmjan avèk lòt mesye yo kap fè menm travay se depi nan lane 2008 Garry ap fè sa, Jiska jodi a.
Pastè Garry toujou gen ti moun avèk li malgre li pa Ayiti, lekòl la, legliz la toujou ap fonksyone nan Kanaran malgre tout sak genyen lòt bò a
Nou pap tann se lè pastè a pa la pou np di men sal te konn ap fè ki bon. Gen anpil bon pastè tou, kp fè sa ki bon...
Jeff Petit pou Info-divers