11/13/2025
Sizi te pase bò yon kay epi li te tonbe damou pou li. Li te rele ajan ki te sou afich Kay la epi li te mande pou l al wè kay la. Sizi pa t gen lèt pre-apwobasyon( pre-approval letter) men li te jis konnen li te vle kay la. Ajan an te fikse yon randevou pou vizite kay la, vandè a te oblije kite kay la pou yon èdtan, ak 3 timoun piti li yo ki poko gen 3 an epi jwenn yon kote pou l ale pou omwen yon èdtan.
Sizi te wè kay la, e li te tonbe damou Kay la e te vle kay la plis toujou, li te ka wè tout mèb li yo ladan l, li te mande ajan an konbyen kay la te ye, ajan an te di pri a se $350,000. Sizi ale nan yon enstitisyon finansye pou jwenn pre-apwobasyon( pre-approval letter ) epi li te dekouvri ke li te sèlman apwouve pou $200,000 e li pa t ka jwenn kay ke li te tonbe damou pou li a.
Pandansetan, Jozèf ki te gen pwòp ajan li, te jwenn pre-apwobasyon anvan li te gade menm kay la ke li te wè aprè Sizi epi li te tonbe damou tou. Kòm li te deja pre-apwouve pou $400,000, li te konnen li te kapab peye l, li te fè yon òf epi òf li a te aksepte epi li te finalize acha kay rèv li a ki se menm kay Sizi te wè e li pat kalifye pou li a. Si Sizi te pran tan pou li fè pre apwobasyon li anvan li te tonbe damou Kay la se tap li menm Kounya ki tap gen chans achte Kay rèv li a se patap Jozèf.
Se pou ou fè tankou Jozèf, pa tankou Sizi😉
© Ajan Imobilye ak Bwokè Frantz Richard Désir rele Kounya nan nimewo sa 786-304-5460