12/13/2025
TV LACOURONNE — LIVE
Gran Rivyè Dinò, 11 Desanm 2025
Kowòdonatè Mouvman Nasyonal pou Transparans – TOUTOUNI (MNT), Pascal Adrien, desann yè jedi a nan Gran Rivyè Dinò kote li te fè yon vizit travay ak Kòdinasyon lokal pati a. Li te akonpaye yon pati nan ekip li, yon jounen ki te make , echanj ak konsiltasyon ak manm estrikti a.
Pandan deplasman sa a, Pascal Adrien te pwofite reyitile objektif mouvman an, ki selon li vize “reyenstale transparans, disiplin ak bon gouvènans nan sistèm politik ayisyèn an”. Kowòdonatè a salye angajman lidè yo nan zòn nan epi ankouraje yo kontinye travay sou mobilizasyon ak estrikti.
Nan deklarasyon li bay TV LACOURONNE, Adrien lanse yon envitasyon ofisyèl bay tout popilasyon ayisyèn an pou patisipe nan gwo lansman ofisyèl pati politik MNT TOUTOUNI, kap fèt dimanch 14 Desanm 2025, nan Konplèks Vèsay, ki ri 24E, Okap Ayisyen.
Li fè konnen lansman sa a se pral yon moman enpòtan nan lavi politik peyi a, kote direksyon nasyonal la ap prezante vizyon, aksyon ak oryantasyon pati a pou ane kap vini yo.