Ayiti sa k ap fèt.

Ayiti sa k ap fèt. Pou Bondye, pou Ayiti ak pou ayisyen

10/18/2024
Ou paseMen zèv ou reteTakou flè sou lantiraj de bò chimen Ki mennen lavyè kat chimnOu pase Men vwa w rete nan wout laSe ...
10/18/2024

Ou pase
Men zèv ou rete
Takou flè sou lantiraj de bò chimen
Ki mennen lavyè kat chimn
Ou pase
Men vwa w rete nan wout la
Se tankou 1804 se te yè
Tankou bri jwè bank domino ki te devan lakay la
Se tankou bri gadyè pi wo nan kafou a
Ki kòk kap pran kou?
Kilès k ap deplumen?
Pa gen lank ase pou ekri listwa.
Ou pase vre papa?
Di m ki kote ou te mete flanbo a
Wi sila ou te di w ap lage nan chanm poudriyè
Nan tou fènwa fò lakrèt apyewo
Di m ki kote ou te jete bwa a
M a relimen l ankò,
Mwen gen alimèt kounye a.
Ou pase vit papa.
Men siyati a rete nan san nou
Li pa ale, li pa vle ale,
Ou pase, depi lè a tan an ap trepase
Ki kote ou te kite kouwòn nan
E Chapo a kilès ki te prete l?
Nou pa bezwen testaman poun reklame l.
Di m, kiyès ou te bay dwa pou separe tè
Nan lakou pa bò isit
Ou pase tankou yon fèy twonpèt
Van pote jete lòtbò nan koulin
Kou yon Kout zèklè mwa dawout
Ki kote w tonbe
Ki pyebwa ki boule
O, gade mezami!
Se Jaden an ki fè sann

Ou pase, Kou vant pase nan listwa
Tout lari a sal, pèsòn paka kenbe kanson
Devan kalte nouvèl vèvenn sa
Nou kriye tout nan zòtèy
Ou pase
Hmm ou pase
Tout rèv ti nèg ki te chifonnen
Ou pase hmmm, ou pase vre,
Ou pase

Fabien L.F

Address

3993 Kingsport Drive
Orlando, FL
32839

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Ayiti sa k ap fèt. posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share