Blazy TV

Blazy TV Yon platform pou tout yon kominote 🇭🇹🇺🇸

01/06/2026

Manman aa mande nou lapriyè ,profèt Makenson ak tout lòt pastè yo dil se Nanm pitit la yo vann nan mond envizib

01/05/2026

frèl Finn antre l nan biden ,menm frè sa trayi l monte konplo sou do l jis lapolis arive aretel

01/04/2026

Bondye pa janm lage pitit li-Istwa tris miss rosa ak MR Toussaint

01/03/2026

Mezanmi chak ane fanmi fè yon pèd etazini prefere yo pat antre nan biden,situation an vinn pi difisil pou ayisyen yo USA

01/01/2026

Mwen swete ane sa pote lapè, sante ak limyè pou nou team blazy tv mwen yo.🥰
Ke nouvo ane a louvri bon pòt pou nou.Mwen swete nou yon ane ki pi dous pase sa ki pase a.
Ke Bondye ak lavi mache avè nou chak jou nan ane sa.

Ane 2025 lan kite yon kout flèch sou kè m, 🕊️yon mak ki pap janm efase jiskaske mwen kite mond lan. Mwen pa t prepare pou sa. Se te yon chòk lavi pat anonse, yon doulè kèm pa t pare pou li pote.
Yon fanm ki te konn rele m mari, yon vwa ki te konn ban m fòs, yon fanm kite toujou ap voye chante pou mwen

yon prezans mwen te kwè lavi t ap kite m pi lontan… ,mwen te gen plan pou li,e plan yo te kòmanse ,e jou li relem li fèm konnen se mwen ki ka vinn retirel nan sa li ye a,san pedi tan mwen achte biyè avyon,

Aprè tikè finn achte,li relem ankachèt paske mwen sete pi bon zanmil,mwen pat selman yon senp pitit pou li,li dim pa fèw kèw sote non,pa kitem fè 8jrs nan morgue,pou pi plis tan 3jrs,men ki kote pou nou anterem,

Kèm kase,jou ap mache pou mwen ale ,mwen gentan prepare malèt mwen,rete 2 jou,epi li parèt nan rèv mwen,li dim,men kòman li pral travèse .li dim yon pakèt bagay ..tout 2 jou sa yo li patka pale,manje,lè li fè yo relem pou yo dim li voye dim li manje,na pale li gen koze pou li dim ,se menm jou sa aprè randevou lopital,mwen te apeine finn fè yon video,yo relem yo dim li tonbe,men gen bagay li te gentan dim nan rèv ki pa arive fèt nan je klè moman li tonbe a.
tèt mwen cho,mwen rele pou chanje dat vòl la pou demen ,li pa disponible,mwen fè tout preske nuit lan ak reprezantan yo kap edem jwenn vòl pi bonè,dòmi pranm,epi fanm chè a parèt devanm li dim poze,kontinye travay,avanse dat pou pi devan wa vinn aprè ,ma gentan diw poukisa.sèlman li dim gen yon bagay ki pral pase nan morgue la sou li ,,li montrem mwen wè tout pati sa yo e mwen vinn aprann yo,malerezman se pa sel mwen kòm pitit,3 jou a pat respekte se sou 7jou,men mwen te prè a tou pou manmanm ki leve 5 pitit fi san papa.san bòpè,san mennaj.,mari li te konn relem nan se paske depim te piti jiska mwen gran se mwen kite konn fè travay gason yo pou li,moun nan peyim ap konn pati sa yo byen.

Ebyen Depi jou sa, tan pa janm mache menm jan ankò pou mwen,Gen jou mwen souri, men kè m ap kriye an silans. Men mwen toujou leve fò,
Mwen kontinye mache, pa paske mwen pa soufri, men paske lavi fòse m kontinye.

Si ane sa dwe pote yon bagay pou mwen, se pa bliye doulè a, men aprann viv avè l san li pa kraze m. Se limyè pou mwen pa pèdi tèt mwen. Se lapè pou mwen pa rayi….Se fòs pou mwen kontinye kanpe menm lè kè m lou.

Pou tout moun k ap antre nan ane sa ak blesi yo pa ka esplike, mwen swete nou kouraj.
Pou tout moun k ap souri devan moun men k ap plenn andedan yo, mwen swete nou limyè.
E pou mwen menm… mwen swete mwen rive padone lavi pou sa li pran nan men mwen .

Poum fini manmanm te kite 2 mesaj pou nou paske li te renmen travay sa e li toujou renmen li,li dim di team blazy tv ou yo,pa chache lènmi an lwen men chachel nan bò kote yo,e manmanm te kwè nan Bondye anpil san melanje,li dim di nou kontinye fè zèv ak kè paske se pa legliz ki sove nanm li men pito se zèv li te konn bay pou lapriyè pou li 🙏sinon mechan kite fèl fè 1ans kek mois ap soufri ta gen pouvwa sou li. E travèse a se li ki mande bondye sa paskel tap viv nan lanfè.

Gen plis pawòl pou mwen ta di nou,men mwen fini la .fè kè nou kontan,fokis sou tèt pa nou,realize plan nou gen pou 2026 lan🥰🥰

12/30/2025

Mezanmi evite timoun yo bwè rès granmoun 😭yon sèl grenn pitit la gade kòman li pèdil nan kondisyon sa

12/28/2025

Mezanmi chak jou yap arete anpil ayisyen nan orlando-1,900 Mò ak Grip ,bagay yo anpil

12/26/2025

Dosye carel la ap vinn pi grav- Audio pran lari-Anie alerte te gentan palel

12/23/2025

Depòtasyon carel-yon video madanm li lage ki koz tout dega sa yo,dosye a konplike

Address

723 Sherwood Terracce Drive
Orlando, FL
32818

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Blazy TV posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Blazy TV:

Share

Category