12/16/2025
Maniche Magazine swete Argentine Mazile ,DDS bòn fèt . Li se Responsab an chèf Sèvis Ponpye( Meri Okay), yon manichwaz lidè ki pote plizyè responsabilite sou do li, ak anpil disiplin, kouraj ak devouman pou pwoteje lavi ak byen popilasyon an.
MAZILE se youn nan figi ki make sekirite sivil nan vil Okay. Angajman li chak jou montre jan li pran misyon li oserye, ak jan li mete enterè kominote a an premye.
Lè w se Manichwaz, se pote fyète, rezistans, solidarite ak lespri sèvis ki karakterize moun. Argentine Mazile se yon egzanp vivan de valè sa yo.
Maniche Magazine. swete l : sante, fòs, siksè ak yon lavi long nan sèvis li ap rann peyi a ak kominote a.